Pwogram pou semèn 20 fevriye
SEMÈN 20 FEVRIYE
Kantik 37 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 11 § 26-28, kare p. 141 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Izayi 58-62 (10 min.)
No 1: Izayi 61:1-11 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Poukisa lè yon moun vwe lavi l bay Bondye sa montre li gen lanmou ak lafwa? (5 min.)
No 3: Lè de moun marye separe, ki pwennvi Bondye sou sa? — rs-F p. 227 § 1 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Di ki piblikasyon n ap ofri pou mwa mas la, epi fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante l.
10 min: Ki sa nou aprann? Konvèsasyon. Mande moun nan oditwa a pou yo li Sòm 63:3-8 ak Mak 1:32-39. Egzamine fason vèsè sa yo ka ede nou nan travay preche ak anseye moun ki nan tèritwa a.
15 min: “Kanpay pou anonse Memoryal la ap kòmanse 17 mas.” Kesyon ak repons. Bay tout moun nan oditwa a yon fich envitasyon, si nou genyen yo nan kongregasyon an, epi fè yon ti pale sou enfòmasyon ki nan fich la. Lè n ap egzamine paragraf 2, fè yon demonstrasyon tou kout sou fason nou ka prezante fich envitasyon an. Lè n ap egzamine paragraf 3, envite siveyan sèvis la pou l atire atansyon moun yo sou dispozisyon yo pran pou yo kouvri tèritwa a.
Kantik 8 ak priyè