Kanpay pou anonse Memoryal la ap kòmanse 17 mas
1. Ki kanpay k ap kòmanse 17 mas?
1 Chak ane nou asiste Memoryal la, se anonse nou anonse lè Jezi te mouri (1 Kor. 11:26). Se pou rezon sa a, nou vle lòt moun asiste ansanm avèk nou konsa yo ka aprann ranson an se yon kado ki montre lanmou Jewova gen pou nou (Jan 3:16). Ane sa a, kanpay pou nou envite moun yo vin asiste Memoryal la ap kòmanse samdi 17 mas. Èske w pare pou w patisipe nan kanpay sa a otank posib?
2. Ki sa nou ka di lè n ap bay fich envitasyon an?
2 Men sa nou kapab di: Li pi bon si nou fè yon prezantasyon ki tou kout. Nou te ka di: “Bonjou. Nou te pase pote pou ou ak fanmi w fich envitasyon sa a ki pale de yon evènman enpòtan ki fèt chak ane toupatou sou tè a. Ane sa a, yo pral fè l 5 avril. Yo pral bay yon diskou gratis ki baze sou Bib la ki esplike sa lanmò Jezi te akonpli e ki sa Jezi ap fè kounye a. Sou fich envitasyon an, w ap wè adrès ak lè Memoryal la ap fèt nan zòn nou an.” Lè n ap distribye fich envitasyon an pandan wikenn, nou dwe ofri peryodik yo tou lè sa apwopriye.
3. Kòman nou ka envite plis moun posib?
3 Envite plis moun posib: Objektif nou se pou nou envite plis moun posib. Nou bezwen asire nou nou envite etidyan Labib nou yo, moun nou konn retounen al vizite yo, fanmi nou yo, kòlèg travay nou yo, kamarad lekòl nou yo, vwazen nou yo ak lòt moun nou konnen. Ansyen yo nan kongregasyon an ap fè konnen ki dispozisyon yo pran pou nou kouvri tèritwa a. Kanpay nou fè chak ane a pou envite moun vin asiste Memoryal la bay bon rezilta. Ane pase, gen yon dam ki te antre kote yo t ap fè Memoryal la, yon frè nan sèvis akèy te di l l ap ede l chèche pwoklamatè ki te envite l la. Sepandan, dam nan te di li pa konnen pèsonn isit la e se yon moun ki t ap preche kay an kay ki te ba l fich envitasyon an byen bonè nan jounen an.
4. Site rezon ki ta dwe pouse nou patisipe nan kanpay la avèk zèl.
4 Petèt nan zòn ou an yon moun ka vin asiste Memoryal la paske w te bay yon fich envitasyon. Kit yon moun aksepte envitasyon an, kit li pa aksepte l, bonjan efò n ap fè ap bay yon temwayaj. Fich envitasyon nou distribye yo ap fè konnen kounye a Jezi se yon wa ki pisan nan syèl la. Lè nou patisipe nan kanpay la avèk zèl n ap montre tout moun, tankou moun ki nan tèritwa a, pwoklamatè parèy nou jan nou bay ranson an, kado Jewova bay la, anpil valè. E sa k pi enpòtan an, n ap montre Jewova ranson an gen anpil valè pou nou. — Kol. 3:15.