Prepare w depi kounye a pou w fè plis nan travay predikasyon an
1. Ki sa ki espesyal nan epòk Memoryal la, e ki jan nou ka prepare nou pou sa?
1 Chak epòk Memoryal ban nou lòt posiblite ankò pou nou ‘fè anpil louwanj pou Jewova’. (Sòm 109:30.) Èske n ap planifye pou nou fè plis nan travay predikasyon an pandan mwa mas la kòm youn nan fason pou nou montre apresyasyon nou gen pou Moun ki ban nou ranson an? Se kounye a pou nou kòmanse prepare nou pou sa. — Pwo. 21:5.
2. Ki jan ou menm ak lòt moun te reyaji devan dispozisyon yo te pran pou redui lè pyonye oksilyè yo pou mwa avril ane pase a?
2 Pyonye oksilyè: Ane pase kongregasyon yo te chofe lè yo te aprann dispozisyon yo te pran pou nou pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa avril la ak yon lè ki redui. Men sa yon frè te ekri: “Mwen toujou nan klas segondè e mwen poko gen posiblite pou m pran sèvis pyonye pèmanan. Men, mwen pral ranpli yon aplikasyon pou 30 è e mwen pral eseye travay pou m fè 50 è nan mwa avril la.” Men sa yon sè ki travay aplentan ekri: “Trant èdtan! Sa se yon lè m ka bay!” Lè yo te anonse dispozisyon sa a, men sa yon sè ki nan laj 80 ane yo ki te pyonye pèmanan lontan, te di: “Sa se moman mwen t ap tann nan! Jewova konnen pi bon moman nan lavi m se lè m te pyonye!” Lòt moun ki pa t ka pran sèvis pyonye oksilyè te fikse objektif pou yo fè plis nan travay predikasyon an.
3. Site rezon ki ta dwe pouse nou pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa mas, avril ak me.
3 Mwa mas la ap yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè paske nou pral gen posiblite pou nou preche swa 30 è swa 50 è pou mwa sa a. Anplis de sa, apati samdi 17 mas, nou pral patisipe nan yon kanpay espesyal pou nou envite moun yo vin asiste Memoryal la ansanm avèk nou nan jou k ap 5 avril la. Anpil moun pral tèlman kontan dèske yo gen posiblite fè plis nan travay predikasyon an, y ap tou pran sèvis pyonye oksilyè pou 50 èdtan pandan avril ak me.
4. Ki jan nou ka fè plis nan travay predikasyon an, e ki rezilta n ap jwenn?
4 Pandan pwochen sware adorasyon an fanmi an, poukisa nou pa pale sou fason chak moun nan fanmi an ka fè plis nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la (Pwo. 15:22)? Mande Jewova pou l beni efò n ap fè yo (1 Jan 3:22). Toutpandan n ap fè plis nan travay predikasyon an, nonsèlman n ap bay Jewova plis louwanj men n ap jwenn plis jwa tou. — 2 Kor. 9:6.