BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/12 p. 1
  • Sèvi ak prezantasyon ki efikas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak prezantasyon ki efikas
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • “ Kenbe nan pawòl mwen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Ofri moun yo yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese yo”
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Preche “tout kalite moun”
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 9/12 p. 1

Sèvi ak prezantasyon ki efikas

1. Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te konn varye prezantasyon yo fè, ki leson nou ka aprann nan sa?

1 Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te konn preche moun ki gen divès kilti e ki nan divès relijyon (Kol. 1:23). Malgre mesaj yo t ap preche a, Wayòm Bondye a, se yon sèl mesaj, yo te sèvi ak prezantasyon ki diferan selon moun yo t ap pale avè l la. Pa egzanp, lè apot Pyè t ap pale ak Juif ki te gen gwo respè pou Ekriti yo, li te site pawòl pwofèt Yowèl te di (Tra. 2:14-17). Tandiske, gade jan apot Pòl te rezone ak Grèk yo nan Travay 17:22-31. Jodi a, nan kèk tèritwa, gen moun ki respekte Bib la, nou ka itilize l byen alèz lè n ap preche kay an kay. Sepandan, nou bezwen fè plis atansyon lè n ap preche moun ki pa enterese nan Bib la oubyen moun ki nan relijyon kote moun yo pa kretyen.

2. Ki jan nou ka sèvi ak piblikasyon n ap ofri a pou nou ede ni moun ki apresye Bib la ni moun ki pa apresye l?

2 Byen sèvi ak piblikasyon n ap ofri a: N ap chanje piblikasyon n ap ofri pandan ane sèvis sa a chak de mwa. N ap ofri moun yo peryodik, oubyen feyè oubyen bwochi. An jeneral, menmsi moun nan yon tèritwa pa enterese nan Bib la, nou toujou gen posiblite pou nou pale avèk yo sou yon sijè ki nan yon peryodik, nan yon feyè oubyen nan yon bwochi k ap enterese yo. Nou ka pa li yon vèsè ak moun nan premye fwa nou rankontre l la oubyen nou ka pa fè referans dirèkteman ak yon vèsè nan Bib la, men lè moun nan montre li enterese nou ka retounen vizite l dekwa pou nou ka ede l bati lafwa l nan Kreyatè a ak nan Pawòl li enspire a. Yon lòt bò, lè n ap preche nan yon tèritwa kote moun yo apresye Bib la, nou ka sèvi ak yon piblikasyon e nou ka itilize yon prezantasyon k ap enterese jan de moun sa yo. Anfèt, nan tèritwa sa yo, nou ka ofri moun yo liv Sa Labib anseye a oubyen bwochi Koute Bondye a oubyen bwochi Koute Bondye pou viv pou toutan an nenpòt lè, kèlkeswa piblikasyon n ap ofri pou mwa a. Bagay ki pi enpòtan an se sèvi ak yon prezantasyon ki efikas.

3. Nan ki sans kè moun ki nan tèritwa nou yo sanble ak tè?

3 Prepare tè a: Kè moun sanble ak tè (Lik 8:15). Menm jan ak kèk tè, gen kè moun ki bezwen plis preparasyon anvan pou semans verite ki nan Bib la pran rasin ladan yo e pou l grandi. Evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la te konn plante nan tout kalite tè, yo te jwenn bon rezilta e sa te fè yo jwenn satisfaksyon ak lajwa (Tra. 13:48, 52). Nou menm tou, nou ka jwenn bon rezilta si nou veye sou prezantasyon n ap fè yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje