BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 171
  • Ki aparans Dyab la genyen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki aparans Dyab la genyen?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki jan Bib la dekri Dyab la?
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 171

Ki aparans Dyab la genyen?

Repons Bib la bay

Dyab la envizib, sa vle di li pa gen yon kò nou ka wè. — Efezyen 6:11, 12.

Anpil atis fè desen Dyab la ak yon gwo fouch nan men l. Yo fè l sanble ak yon kabrit ki gen de kòn ak yon ke.

Anpil moun ki fè desen Dyab la fè l sanble ak yon bèt ki tankou yon kabrit ki gen de kòn, yon ke ak yon zouti ki sanble ak yon gwo fouch nan men l. Gen moun ki di sa gen plis pase mil an depi atis yo te kòmanse fè desen Dyab la konsa. Sanble se istwa moun nan epòk la te konn rakonte ki te infliyanse atis sa yo.

  • Ki jan Bib la dekri Dyab la?

  • Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak Dyab la

Ki jan Bib la dekri Dyab la?

Bib la dekri Dyab la plizyè fason. Se pa pou ede n konprann aparans fizik Dyab la men pou ede n konprann pèsonalite l. Pa egzanp, Bib la konpare l ak:

  • Yon zanj limyè. Li pretann li gen yon bon bagay pou l ofri moun yo nan objektif pou l fè yo suiv ansèyman l yo olye pou yo suiv ansèyman Bondye yo. — 2 Korentyen 11:14.

  • Yon lyon k ap gwonde. Li atake sèvitè Bondye yo avèk raj. — 1 Pyè 5:8.

  • Yon gwo dragon. Li fè moun pè, li pisan e li fè anpil dega. — Revelasyon 12:9.

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak Dyab la

  • 2 Korentyen 11:14: “Satan li menm toujou ap fè tèt li pase pou zanj limyè.”

    Ki sa sa vle di: Satan pretann li gen bon entansyon yon fason pou l fè moun suiv ansèyman l yo olye pou yo suiv ansèyman Bondye.

  • Efezyen 6:11: “Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la.”

    Ki sa sa vle di: Dyab la fè manèv pou l fè moun yo dezobeyi Bondye.

  • Jak 4:7: “Soumèt nou devan Bondye, men opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.”

    Ki sa sa vle di: Yon moun ka reziste kont atak Dyab la si l obeyi Bondye olye li obeyi Dyab la.

  • 1 Pyè 5:8: “Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.”

    Ki sa sa vle di: Dyab la rayi moun ki obeyi Bondye e li vle kraze relasyon yo genyen ak Bondye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje