LESON 17
Fason pou w sèvi ak mikwo
FRÈ ak sè nou yo fè anpil efò e yo depanse anpil tan pou yo asiste reyinyon yo. Pou yo byen pwofite sa k ap di yo, yo dwe kapab tande yo byen klè.
Nan epòk Izrayèl tan lontan an, pa t gen sistèm sonorizasyon elektrik pou yo te ogmante vwa moun. Lè Moyiz t ap pale ak nasyon Izrayèl la nan plèn Mowab, anvan yo te antre nan Latè pwomiz, ki jan tout moun ki te la yo, ki te plizyè milyon moun, te rive tande? Petèt Moyiz te fè kèk moun repete pawòl yo pou lòt moun yo: lè l fin pale, gen yon seri mesye yo te fè kanpe nan yon sèten distans youn parapò ak lòt, e youn apre lòt, yo te repete pawòl Moyiz yo pou lòt moun nan kan an (Det. 1:1; 31:1). Yon ti tan apre Izrayelit yo te kòmanse mennen batay pou yo pran tèritwa ki te nan pati lwès Jouden an, Jozye te rasanble yo anfas mòn Gerizim ak mòn Ebal, e sandout Levit yo te nan vale ki separe de mòn yo. La a, li te fè tout pèp la konnen benediksyon Bondye yo ak malediksyon ki ta ka tonbe sou yo, yo te tande pawòl sa yo e yo te byen reyaji (Joz. 8:33-35). Li posib pou nan okazyon sa a tou, yo te itilize teknik kote kèk moun repete pawòl yo pou lòt moun yo, men, pa gen dout, bèl posiblite zòn sa a bay pou son yo fè eko te ede yo tou.
Anviwon 1 500 ane apre, lè ‘yon gwo foul moun te vin rasanble’ bò lanmè Galile pou yo te koute Jezi, Jezi te monte nan yon bato, yo te fè bato a fè yon ti avanse nan lanmè a, e li te chita ladan l pou l pale ak foul moun yo (Mak 4:1, 2). Poukisa Jezi te monte nan yon bato pou l pale? Sandout, paske vwa moun gaye byen klè sou dlo lè dlo a kalm.
Jis nan kòmansman 20yèm syèk la, se volim vwa yon oratè ak fason li pale klè ki te ka detèmine ki kantite moun k ap ka tande sa l ap di. Men, apati ane 1920 yo, sèvitè Jewova yo te vin gen posiblite pou yo itilize sistèm sonorizasyon elektrik pou yo ogmante vwa moun lè y ap pale nan kongrè yo.
Ekipman sonorizasyon. Ekipman sa yo ka ogmante vwa oratè a anpil, epoutan yo pa chanje ni kalite vwa l ni ton vwa l. Konsa, oratè a pa oblije fòse vwa l. Moun k ap koute yo pa fè gwo efò pou yo tande sa k ap di a. Okontrè, yo ka konsantre yo sou mesaj la.
Nan kongrè yo ak nan asanble yo, frè yo fè anpil efò pou yo asire yo gen bon ekipman pou sonorizasyon. Anplis, nan anpil Sal Wayòm, yo sèvi ak ekipman sonorizasyon pou ogmante vwa moun k ap fè diskou yo, moun k ap dirije reyinyon yo ak moun k ap li sou estrad la. Gen kèk kongregasyon tou ki gen mikwo pou moun ki nan asistans lan fè kòmantè nan reyinyon yo. Si kongregasyon w ladan l lan gen ekipman sa yo, aprann byen sèvi avèk yo.
Kèk prensip fondamantal. Pou w byen sèvi ak ekipman sa yo, kenbe pwen ki vin apre yo nan lespri w: 1) Jeneralman, mikwo a ta dwe nan yon distans 10 a 15 santimèt parapò ak bouch ou. Si mikwo a twò pre bouch ou, pawòl yo ka pa soti klè. Si l twò lwen bouch ou, moun yo pap byen tande. 2) Mikwo a ta dwe anfas ou, li pa ta dwe sou kote. Si w ap vire tèt ou adwat oswa agoch, pale sèlman lè bouch ou anfas mikwo a. 3) Monte volim vwa w ak ton vwa w yon tikras plis pase jan w pale lè w ap fè konvèsasyon. Men, ou pa bezwen rele nan mikwo a. Ekipman sonorizasyon yo ap fè vwa w rive jwenn moun ki pi lwen pami moun k ap koute w yo san pwoblèm. 4) Si w bezwen netwaye gòj ou, ou bezwen touse oswa ou bezwen estènen, veye pou w mete tèt ou lwen mikwo a.
Lè w ap bay yon diskou. Lè w parèt devan pipit la, nòmalman, gen yon frè k ap vin ranje mikwo a pou ou. Pandan l ap fè sa, kanpe yon fason natirèl, bay moun k ap koute w yo fas ou. Mete nòt ou yo sou pipit la, veye pou mikwo a pa anpeche w wè moun yo.
Lè w kòmanse pale, koute fason vwa w soti nan opalè yo. Èske l twò fò oswa èske l gen kèk mo ki fè yon bri sèk? Ou ka bezwen fè yon bak twa a senk santimèt. Lè w ap fè yon koudèy nan nòt ou yo, sonje ou ta dwe pale e ou ta dwe li sèlman lè bouch ou anfas mikwo a oswa yon tikras anwo mikwo a, se pa ta dwe lè l anba l.
Lè w ap li sou estrad la. Li pi bon pou w kenbe bib ou, liv oswa peryodik ki nan men w lan yon fason pou w ka bay moun k ap koute w yo fas ou. Piske petèt mikwo a ap devan w dirèkteman, ou ka bezwen kenbe sa w ap li ladan l lan yon ti jan sou kote. Sa vle di ou ta dwe fè yon ti vire tèt ou parapò ak mikwo a. Konsa, lè w ap li, vwa w prale dirèkteman nan mikwo a.
Pifò frè k ap li nan etid Toudegad sou estrad la kanpe pou yo pale devan yon mikwo. Pozisyon sa a pèmèt yo pi byen respire e li pèmèt yo li pi byen. Sonje lekti paragraf yo se yon aspè ki enpòtan nan reyinyon an. Byenfè moun k ap koute yo ap jwenn yo depann anpil de sa yo tande nan lekti ki fèt la.
Lè w ap fè kòmantè nan reyinyon yo. Si kongregasyon w lan sèvi ak mikwo pou moun ki nan asistans lan fè kòmantè, sonje li toujou nesesè pou w pale yon fason ki klè e pou w pale ase fò. Lè w ap fè kòmantè, fè efò pou w kenbe piblikasyon y ap etidye a oswa Bib la nan men w. Sa ap pèmèt ou wè piblikasyon an oswa Bib la byen klè pandan w ap pale nan mikwo a.
Nan kèk kongregasyon, gen frè yo bay responsablite pou yo pase mikwo bay moun k ap fè kòmantè yo. Si se konsa kongregasyon w lan fè, lè yo deziyen w pou w fè yon kòmantè, kite men w anlè pou frè k ap pase mikwo a ka wè kote w chita e li ka al jwenn ou san pèdi tan. Si se yon mikwo l ap lonje ba w pou w kenbe nan men w, mete w prè pou w pran l. Pa kòmanse fè kòmantè a toutotan mikwo a pa nan bon pozisyon. Lè w fin fè kòmantè a, bay frè a mikwo a tousuit.
Lè w ap patisipe nan yon demonstrasyon. Pou w sèvi ak mikwo nan yon demonstrasyon, sa mande pou w reflechi anvan sou sa. Si se mikwo sou pye, w ap gen de men w lib pou w itilize bib ou ak nòt ou yo. Men, si se yon mikwo pou w kenbe nan men w, ou gen plis libète pou w bouje, men ou ka bezwen pou moun w ap pale avè l la kenbe mikwo a pou ou. Konsa, men w ap lib pou w itilize bib ou. Ou menm ak moun w ap pale avè l la dwe fè repetisyon yon fason pou l ka konnen ki jan pou l byen kenbe mikwo a pou ou. Yon lòt bagay ou pa dwe bliye, lè w sou estrad la, ou pa dwe bay moun k ap koute w yo do w, sitou lè w ap pale.
Nan demonstrasyon k ap fèt nan reyinyon sèvis yo, ka gen yon kantite moun k ap patisipe, e yo ka ap bouje sou estrad la. Kidonk, li ka nesesè pou yo itilize plizyè mikwo. Yo ta dwe mete yo nan plas yo anvan oswa yo ta dwe mete yo prè pou yo bay moun ki pral fè demonstrasyon yo lè y ap monte sou estrad la. Pou nou asire nou mikwo yo nan bon pozisyon nan moman yo bezwen yo, sa mande yon bon planifikasyon. Lè yo repete demonstrasyon yo anvan yo prezante yo, sa bay posiblite pou yo ede moun k ap patisipe nan demonstrasyon yo wè fason pou yo byen sèvi ak mikwo yo. Lè yo pa ka fè repetisyon yo sou estrad la, li ka bon pou moun k ap patisipe nan demonstrasyon yo gen yon bagay nan men yo ki sanble ak mikwo a, yon fason pou yo aprann byen kenbe l. Apre yon demonstrasyon, moun ki te patisipe ladan l yo ta dwe remete mikwo ki te nan men yo a nan plas yo tou dousman pandan y ap veye pou yo pa mache sou fil mikwo yo lè y ap kite estrad la.
Lè nou veye sou fason n ap sèvi ak mikwo yo, sa gen yon rapò dirèk ak youn nan objektif prensipal reyinyon nou yo genyen, ki se pou youn ede lòt byen pwofite etid n ap fè nan Pawòl Bondye a (Ebre 10:24, 25). Lè nou aprann byen sèvi ak mikwo yo, n ap kapab bay patisipasyon pa nou pou nou atenn objektif enpòtan sa a.