LESON 39
Fè yon bon konklizyon
PETÈT ou deja fè bonjan rechèch e w byen òganize enfòmasyon w yo pou devlopman diskou a. Anplis, ou gendwa prepare yon entwodiksyon k ap kapte atansyon moun yo. Men, gen yon lòt bagay ki enpòtan tou pou w fè: yon bon konklizyon. Pa minimize enpòtans sa genyen. Souvan, moun yo ap sonje sa w di nan konklizyon diskou a pandan pi lontan. Si konklizyon diskou a pa fin anfòm, menm enfòmasyon w te prezante anvan yo ka vin pa gen efè yo ta dwe genyen sou moun yo.
Reflechi sou istwa ki vin apre a: Nan fen lavi Jozye, li te fè yon diskou pou ansyen nan nasyon Izrayèl yo, yon diskou yo pa t ap ka bliye. Apre Jozye te fin rakonte fason Jewova boule ak pèp Izrayèl la depi nan epòk Abraram nan, èske l te tou senpleman fè yon rezime sou sa l te esplike yo? Non. Okontrè, avèk anpil santiman, li te egzòte pèp la lè l te di l: “Krenn Jewova e sèvi l avèk entegrite e avèk verite.” Li konklizyon diskou Jozye a, jan nou jwenn sa nan Jozye 24:14, 15.
Nou jwenn yon lòt diskou enpòtan nan Travay 2:14-36. Se apot Pyè ki te bay li devan yon foul moun nan Jerizalèm pandan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an. Toudabò, li te esplike sa moun yo te wè k ap pase a se reyalizasyon yon pwofesi Yowèl ki te fè konnen Bondye t apral vide lespri l sou moun. Ansuit, li te montre ki rapò sa genyen avèk pwofesi nou jwenn nan liv Sòm yo konsènan Mesi a, pwofesi ki te anonse Jezi Kris t ap gen pou l resisite e li t ap gen pou l chita adwat Bondye. Apre sa, nan konklizyon diskou a, Pyè te montre tout moun ki t ap koute l yo gen yon bagay yo dwe rekonèt. Li te di: “Se sa k fè, se pou tout kay Izrayèl la konn sa byen: Jezi nou te kloure sou poto a, Bondye te fè l vin Seyè, e li te fè l vin Kris.” Moun ki te la yo te mande: “Frè nou yo, ki sa pou nou fè?” Pyè te reponn yo: “Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris.” (Tra. 2:37, 38). Nan jou sa a, gen anviwon 3 000 moun ki te santi sa yo te tande a te touche yo jis nan fon kè yo e yo te aksepte laverite sou Jezi Kris.
Pwen pou w sonje. Pawòl ou di nan konklizyon yon diskou ta dwe gen yon rapò dirèk ak tèm nan. Yo ta dwe kore pwen prensipal ou te devlope yo yon fason lojik. Se vre w ka deside mete kèk mo kle ki te nan tèm nan nan konklizyon diskou a, men ou pa oblije repete yo jan yo te ye a egzakteman.
Nòmalman, objektif ou se ankouraje moun yo aji sou baz enstriksyon ou ba yo a. Youn nan prensipal objektif konklizyon yon diskou se montre moun yo sa pou yo fè. Lè w t ap chwazi tèm diskou w la ak pwen prensipal yo, èske w te byen egzamine rezon ki fè enfòmasyon sa yo enpòtan pou moun ki pral koute w yo e ki objektif ou pral chèche atenn lè w ap fè diskou a? Si w te fè sa, ou deja konnen ki sa w ta renmen moun yo fè. Kounye a, ou bezwen esplike moun yo sa pou yo fè, e petèt ki jan pou yo fè l.
Nonsèlman konklizyon diskou w la dwe montre moun k ap koute w yo sa pou yo fè, men tou li dwe motive yo pou yo aji. Li dwe gen ladan l bonjan rezon ki fè yo dwe aji sou baz sa w di yo, e petèt ou ka raple yo byenfè y ap jwenn si yo fè sa. Si w byen reflechi sou dènye fraz ou pral di a e w byen di l, l ap fè diskou a gen yon pi gwo enpak sou moun yo.
Sonje se fini w ap fini diskou a. Pawòl w ap di yo ta dwe montre sa. Vitès ou itilize pou w pale a dwe apwopriye tou. Pa pale byen vit jis ou rive nan fen konklizyon an epi w annik bip ou kanpe. Yon lòt bò, pa annik diminye volim vwa w tikras pa tikras. Volim vwa w dwe ase fò, men li pa dwe egzajere. Dènye fraz w ap di yo dwe montre ou pral fini. Fason w ap di yo dwe montre w sensè e w gen konviksyon. Lè w ap prepare fason w pral prezante diskou w la, pa bliye fè repetisyon sou fason w ap fini l.
Konbyen tan pou yon konklizyon diskou dire? Sa se pa yon bagay pou w deside sèlman selon kantite tan ou rete a. Konklizyon yon diskou pa ta dwe twò long. Ou ka wè si longè yon konklizyon bon selon efè li genyen sou moun k ap koute l yo. An jeneral, moun yo renmen lè oratè yo fini diskou yo yon fason ki senp, ki dirèk e ki pozitif. Yon konklizyon ki parèt yon ti jan long e ki gen yon egzanp tou kout ladan l ka bon tou si oratè a te byen prepare l. Fè yon konparezon ant konklizyon tou kout yo fè pou tout liv Eklezyas la, jan nou jwenn sa nan Eklezyas 12:13, 14, ak konklizyon Sèmon sou montay la, yon diskou ki pi kout lontan pase liv Eklezyas la, jan nou jwenn sa nan Matye 7:24-27.
Lè w nan predikasyon. Pa gen lòt kote w ap bezwen fè konklizyon pi souvan pase nan predikasyon. Si w fè bonjan preparasyon e w montre w enterese toutbon nan moun yo, ou ka jwenn bon rezilta. Menm lè w ap fè konvèsasyon ak yon sèl moun, sa ap itil ou si w aplike konsèy ou sot jwenn nan paj anvan yo.
Si moun w ap pale avè l la okipe, konvèsasyon an ka kout anpil. Vizit la ka dire sèlman yon minit. Si sa apwopriye, ou ka di kèk pawòl tankou: “Mwen wè w okipe. Men, tanpri kite m pataje yon panse ki ankourajan avè w. Labib montre Kreyatè nou an gen yon objektif ki bèl anpil, se objektif pou l fè tè a tounen yon bèl kote pou moun viv pou toutan. Nou ka la nan paradi sa a, men, n ap bezwen aprann sa Bondye mande nou pou nou fè.” Oswa ou ka annik ofri moun nan pou w retounen vizite l nan yon lòt moman k ap pi bon pou li.
Si moun ou rankontre a kanpe konvèsasyon an paske li manke politès oswa menm li montre l malelve anpil, ou ka toujou fè yon bon travay. Sonje konsèy nou jwenn nan Matye 10:12, 13 la ak nan Women 12:17, 18 la. Petèt si w reponn moun nan yon fason ki dous, sa ka fè l chanje pwennvi sou Temwen Jewova yo. Si sa fèt, se t ap yon bèl bagay.
Yon lòt bò, si w te fin fè yon konvèsasyon ki vrèman enteresan ak yon moun, poukisa w pa repete pwen prensipal ou te vle li sonje a? Anplis de sa, ou ka motive l pou l aji ann amoni ak sa w di l la.
Si w wè gen posiblite pou w pale avè l yon lòt lè, di l yon bagay k ap fè l anvi pou w retounen vizite l. Poze l yon kesyon, petèt yon kesyon yo egzamine nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la oswa nan yon piblikasyon ki fèt pou w etidye Labib ak moun yo. Toujou sonje objektif ou, jan Jezi te di sa nan Matye 28:19, 20.
Èske se nan fen yon etid biblik ou rive? L ap bon pou w repete tèm nan, sa ap ede etidyan an sonje sa w sot egzamine avè l la. Poze l kesyon revizyon yo, sa ap ede w grave pwen kle yo nan lespri l, sitou si w pa fè revizyon an nan kouri. Si w poze etidyan an yon kesyon sou jan sa l sot aprann yo ka itil li oswa sou fason li ka pataje yo ak lòt moun, sa ka ede l reflechi sou fason pou l sèvi ak sa l aprann yo. — Pwo. 4:7.
Pa bliye sa: konklizyon w fè a gen yon efè sou tout sa w t ap di yo, li ka fè yo bay rezilta ou t ap chèche a.