BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/98 p. 7
  • Siveyan k ap dirije nou yo : Sekretè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Siveyan k ap dirije nou yo : Sekretè
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Siveyan ki la pou pran swen twoupo a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Èske w konn kolabore pou yo fè yon rapò ki egzak ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan sèvis
    Ministè Wayòm nan — 1998
Ministè Wayòm nan — 1998
km 10/98 p. 7

Siveyan k ap dirije nou yo : Sekretè

1 Sekretè kongregasyon an jwe yon wòl esansyèl nan veye aske “tout bagay fèt ak desans, nan lòd.” (1 Korentyen 14:40). Antanke manm komite sèvis kongregasyon an, li okipe li de korespondans kongregasyon an, ak tout dosye enpotan. Kwak responsabilite l yo pa vizib pou tout moun menm jan ak pa lòt ansyen yo, travay l ap fè a nesesè e li gen anpil valè.

2 Lè kongregasyon an resevwa lèt Lasosyete oswa lòt lèt, sekretè a pran sa an chaj e, lè sa nesesè, li veye aske lèt yo jwenn repons. Li asire li lèt sa yo sikile nan men tout ansyen yo e ansuit li klase yo pou referans. Li verifye fòmilè pou kòmann peryodik ak kòmann piblikasyon e li voye yo bay Lasosyete. Se li ki sipèvize travay frè ki reskonsab sèvis kont ak sèvis abònman. Li anchaje tout sa ki konsène asanble yo.

3 Etandone, chak mwa, sekretè a gen sizyèm jou nan mwa a kòm dènye delè pou l voye rapò sèvis kongregasyon an bay Lasosyete, se yon obligasyon pou nou tout remèt rapò sèvis nou rapid rapid chak fen mwa. Ansuit, sekretè a rekopye rapò sèvis yo sou fich aktivite pwoklamatè kongregasyon an. Nenpòt pwoklamatè ka mande wè fich aktivite li.

4 Lè yon pwoklamatè vini nan kongregasyon an, sekretè a voye mande ansyen lòt kongregasyon an yon lèt prezantasyon ansanm ak fich aktivite moun sa a. Lè yon pwoklamatè kite kongregasyon an, sekretè a voye pyès sa yo ale nan lòt kongregasyon an. — Notre ministère, p. 105.

5 Sekretè a egzamine aktivite pyonye yo e li veye aske ansyen yo, sitou siveyan sèvis la, okouran de tout pwoblèm. pyonye yo ka ap rankontre. Li atire atansyon kondiktè etid liv kongregasyon an sou pwoklamatè ki iregilye nan predikasyon. Ni sekretè a ni siveyan sèvis la pran latèt nan efò tèt ansanm k ap fèt pou pran swen inaktif yo. — Le Ministère du Royaume, novanm 1987, p. 1.

6 Etandone nou vin gen piplis apresyasyon pou responsabilite sekretè a, se pou nou fè sa nou kapab pou nou rann travay li pi fasil. — 1 Korentyen 4:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje