Nou dwe repase plizyè fwa
1 Lè yo te anonse w bon nouvèl la pou premye fwa, èske w te dakò tousuit ? Sinon, ou ta dwe rekonesan dèske Temwen Jewova yo te repase plizyè fwa jiskaske finalman ou te asepte òf pou yon etid Labib. Li bon pou w sonje sa lè w ap travay yon teritwa plizyè fwa.
2 Lavi moun yo ap chanje toutan. Yo fè fas ak pwoblèm oswa sitiyasyon nouvo. Yo tande evènman ki bay kè sote nan kominote a oswa nan lemonn. Oubyen yo travèse gwo pwoblèm ekonomik, yo fè eksperyans maladi oswa lanmò nan fanmi yo. Tout sitiyasyon sa yo gen dwa fè moun yo vle konnen ki sa ki lakòz detrès sa yo. Nou dwe disènen pwoblèm ki bay moun yo tèt chaje, pou nou vini ak yon mesaj ki pou rekonfòte yo.
3 Se yon travay sekouris : Imajine sekouris yo nan yon sitiyasyon dezas. Menm si kèk ladan yo ta oblije fè rechèch nan yon zòn kote se sèlman kèk grenn rechape yo ka jwenn, yo pap dekouraje, e yo pap abandone paske lòt kanmarad yo jwenn plis rechape nan yon lòt zòn. Operasyon sovtay nou an poko fini : chak ane, nou kontinye jwenn plizyè santèn milye moun ki vle sove anba “ gwo tribilasyon an ”. — Revelasyon 7:9,14.
4 “ Tout moun ki envoke non Jewova ap sove. ” (Women 10:13-15). Pawòl sa yo aprann nou nesesite pou nou chak pèsevere nan travay predikasyon k ap fèt la. Depi lè teritwa nou an te fèk kòmanse preche, timoun ladan gentan devlope, e kounye a yo ase gran pou yo menm reflechi seryezman sou avni yo ak bi lavi a. Nou pa konnen kilès finalman ki va asepte mesaj la (Eklezyas 11:6). Anpil ansyen opozan vin asepte laverite. Travay nou se pa jije moun, men se ba yo okazyon pou yo tande e pou yo chape anba sò k ap tann monn kounye a. Menm jan premye disip Jezi yo te fè, nou dwe “ kontinye ale ” jwenn moun yo pou nou eksite enterè yo pou mesaj Wayòm nan. — Matye 10:6, 7.
5 Si nou wè chemen an toujou ouvri pou nou preche, se yon prèv mizèrikòd Jewova (2 Pyè 3:9). Paske nou bay lòt moun posiblite pou yo kontinye tande mesaj la san rete, nou rann lanmou Bondye a vizib e, konsa, nou ba li louwanj.