Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : nan ministè a
1 Ki pi gwo kontantman pou w wè mari ak madanm, paran ak pitit ap travay ansanm nan ministè kretyen an, y ap louwe non Jewova piblikman (Sòm 148:12, 13) ? Tout fanmi yo ta fèt pou genyen yon bon pwogram pou preche regilyèman. Èske fanmi pa w konsakre yon jounen fiks chak semèn pou travay ministè a ? Si se konsa, chak moun konnen egzakteman ki jan pou yo planifye pou patisipe ladann. — Pwovèb 21:5a.
2 Nan planifikasyon yon jounen sèvis pou fanmi an, poukisa yo pa tou prevwa prepare ansanm jan fanmi an pral fè prezantasyon yo ? Seyans egzèsis sa yo kapab yon kokenn èd epi sa kapab favorize yon bonjan espri koperasyon nan fanmi an. Ki pi gwo satisfaksyon sa ye lè sèvis predikasyon an fèt an fanmi e lè chak moun ladan byen prepare !
3 Yon siveyan sikonskripsyon te akonpaye tout yon fanmi nan difizyon peryodik. Alòske li t ap preche kay an kay avèk youn nan pitit fi yo, matmwazèl la te mande l : “ Pou konbyen tan w ap preche avèk mwen ? ” Lèfini li te eksplike se avèk papa l li t apral preche annapre. Sa te parèt aklè pou li menm avèk papa l se te yon veritab plezi pou yo fè sèvis yo ansanm. Ala yon bèl anbyans familyal !
4 Gen fanmi petèt ki anmezi pran sèvis pyonye oksilyè ansanm pandan yon mwa nan ane a. Oubyen li posib pou omwen yon manm ta ka pyonye oksilyè nètale oswa menm pran sèvis pyonye pèmanan. Avèk bon òganizasyon ak bon koperasyon, petèt chak moun nan kay la kapab rive ogmante aktivite pèsonèl yo nan sèvis la lè yo kore sila ki pyonye a. Sètènman tout moun nan fanmi an ap jwenn benediksyon akòz yo te ogmante aktivite yo epi gras ak bèl eksperyans yo viv nan ministè a. — Malaki 3:10.
5 Patisipasyon total tout fanmi yo nan travay evanjelizasyon an ap ede yo rete soude, zele. Sa ap fè yo bay rannman, e sa ap fè yo ere nan sèvis Jewova a ! — Gade Filipyen 2:1, 2.