BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 1
  • Ann adore Jewova an fanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann adore Jewova an fanmi
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Yon èd pou fanmi yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki sa adorasyon an fanmi an ye?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 1

Ann adore Jewova an fanmi

1 Nan tan biblik yo, manm fanmi yo te konn fè anpil aktivite ansanm. Yo te konn fè travay nan kay ansanm e sitou yo te konn adore Jewova an fanmi (Lev. 10:12-14 ; Det. 31:12). Jodi a, gen anpil kote, manm fanmi yo pa fè anpil aktivite ansanm. Sepandan kretyen yo rekonèt enpòtans sa genyen pou yo patisipe nan yon seri aktivite an fanmi, sitou lè sa gen rapò ak adorasyon. Ala sa dwe fè Kreyatè fanmi an plezi lè li wè fanmi yo ap adore l nan inite !

2 Preche ansanm : Lè fanmi yo preche bon nouvèl la ansanm, sa fè lyen ki ini yo a vin pi solid. Se sa k fè, nonsèlman yon ansyen ap preche ak lòt manm kongregasyon an men tou l ap preche ansanm ak madanm li ak pitit li regilyèman (1 Tim. 3:4, 5). Malgre siveyan itineran yo gen yon pwogram ki chaje yo aranje yo pou yo jwenn tan pou yo patisipe nan ministè a ansanm ak madanm yo.

3 Paran ki preche ansanm ak pitit yo anmezi pou yo ede yo pwogrese antanke evanjelizatè. Nonsèlman timoun yo ap wè jwa ak satisfaksyon paran yo genyen nan ministè a, men tou y ap wè paran yo k ap eksprime lanmou yo genyen pou Jewova e pou pwochen yo (Det. 6:5-7). Toutpandan timoun yo ap grandi paran yo pa dwe panse sa vin gen mwens enpòtans pou yo preche ansanm ak yo. Gen yon koup ki gen twa pitit gason ki gen ant 15 an e 21 an ki gen nan pwogram yo pou yo kontinye akonpaye pitit yo nan ministè a regilyèman. Men sa papa a di : “ Chak fwa nou aprann yo yon bagay. E nou asire nou moman an agreyab, li ankourajan. ”

4 Prepare ansanm : Gen kèk fanmi ki twouve sa pwofitab pou yo prepare ansanm pou ministè a. Byen souvan, timoun yo kontan lè y ap fè seyans egzèsis ansanm ak lòt manm fanmi an, kote swa se yo k ap fè prezantasyon an swa se yo menm y ap preche a. Gen kèk fanmi ki pran yon ti tan apre etid familyal pou yo fè sa.

5 Lajwa nou ogmante lè nou patisipe nan aktivite enpòtan ak moun nou renmen, aktivite ki bay satisfaksyon. Ala sa agreyab pou moun ki nan fanmi an patisipe nan ministè a ansanm, sa vle di pou yo preche kay an kay, fè nouvèl vizit e pou yo kondui etid biblik ! Kidonk, toutpandan w ap adore Jewova ansanm ak fanmi w, ou ka di ak kè kontan  : “ Kanta pou mwen menm ak moun lakay mwen, n ap sèvi Jewova. ” — Joz. 24:15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje