Preparasyon bay kè kontan
1 Patisipe nan predikasyon bay anpil kè kontan (Sòm 89:15, 16). Natirèlman, prepare se yon bagay ki esansyèl pou nou jwenn kontantman sa a nan bon ti mamit. Tank nou byen prepare, se tank n ap fè plis bagay, e tank nou fè plis bagay, se tank n ap gen plis kè kontan.
2 Sèvi ak zouti yo bay yo : Pou kòmanse, lè w ap prepare, li sijè yo nan Ministè Wayòm nan epi chèche byen konprann yo. Souvan, Ministè Wayòm nan vini ak prezantasyon byen prepare pou ede nou bay mesaj Wayòm nan yon fason ki efikas epi ki fasil. Ou pral jwenn egzanp sou fason pou devanse objeksyon yo. Ministè Wayòm nan ofri nou kèk ide byen chita sou fason pou fè yon vizit ki efikas avèk objektif pou kòmanse yon etid biblik. Ou lib pou fè ti chanjman nan sijesyon sa yo jouskaske ou fin alèz avèk yo. Mete sou sa, ou gen liv Raisonner a ki bay divès kalite entwodiksyon ak divès kalite repons pou kontrekare obstak nou jwenn nan predikasyon. Sa ede w vin pi maton nan anpil sitiyasyon w ap rankontre.
3 Fè yon gade piblikasyon ou pral ofri a, epi triye youn oubyen de pwen enpòtan ou ka montre moun yo. Si gen kèk pwen cho ou te li oubyen ou te tande nan nouvèl, ou kapab tou sèvi ak yo pou pran konvèsasyon ak moun yo. Bat pou devanse kèk objeksyon ou dwe konn abitye jwenn, epi kenbe kèk ide nan tèt ou sou fason pou w reponn. Pran kèk minit pou fè repetisyon sou jan ou pral pale lakay moun yo.
4 Asiste tout reyinyon sèvis yo : Pandan Reyinyon sèvis la, koute byen lè y ap pale sou sijesyon ki nan Ministè Wayòm nan ak lè y ap fè revizyon ak demonstrasyon sou yo. Lè yo bay yon ide ou santi ki kapab sèvi w nan prezantasyon w yo, make l. Raple w kèk sitiyasyon ou konn abitye rankontre nan predikasyon epi reflechi sou fason ou kapab bay yon temwayaj ki pi efikas. Pale sou bagay sa yo ak lòt pwoklamatè anvan reyinyon ak apre reyinyon.
5 Ou mèt asire w, si w “ prepare pou tout zèv ki bon ”, kòm rekonpans w ap jwenn gwo lakontantman, epi w ap reyisi nan ede w ap ede lòt moun jwenn chemen lavi a. — 2 Timote 2:21.