BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/00 p. 8
  • Fè tout sa w kapab pou w retounen !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè tout sa w kapab pou w retounen !
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Fè vizit mennen nan etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Ede moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Pran bonjan nòt
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Ki lè pou nou retounen vizite moun ki enterese yo?
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 4/00 p. 8

Fè tout sa w kapab pou w retounen !

1 “ Ala yon bèl konvèsasyon sa te ye ! Fòk mwen sonje retounen vin fè yon vizit. ” Èske w te janm di pawòl konsa epi pita ou bliye ki kote moun nan abite ? Si se sa, ou konnen sèl fason pou w fè tout sa w kapab pou w retounen se kouche vizit la sou papye.

2 Pran nòt ki detaye : Pandan konvèsasyon ou fin fè ak yon moun enterese toujou fre nan lespri w, pran yon moman pou w kouche sou papye tout enfòmasyon ki gen rapò ak vizit la. Make non moun nan ak jan pou w rekonèt li. Ekri adrès li, men pa yon adrès ou devine. Verifye byen pou w seten sa w ekri a li egzat. Make sou ki sijè ou te pale, ki tèks ou te li, e ki piblikasyon ou te plase.

3 Si w te kite moun nan ak yon kesyon pou w reponn nan pwochen vizit la, kouche l sou papye. Èske w te aprann kèk bagay sou moun nan, fanmi li oswa relijyon li ? Si se wi, pran nòt sou sa. Alò pwochèn fwa ou vizite moun nan, lè w fè mansyon de sa, sa pral demontre enterè pèsonèl ou gen pou li. Pou fini, ajoute jou ak lè ou te fè premye vizit la epi ki lè ou te di w t ap retounen. Lè w pran nòt ki presi, w ap sonje pi byen e w ap gen mwens tandans pou w bliye pwomès ou te fè pou w retounen an. — 1 Tim. 1:12.

4 Depi w fin konplete nòt ou a, mete l menm kote ak lòt bagay w ap sèvi pou predikasyon w : valiz, Bib, liv Comment raisonner ak piblikasyon. Konsa l ap toujou sou lamen. Li pi bon pou nòt kay an kay ou genyen sou moun ki absan yo separe ak nòt ou sèvi pou w fè vizit. Natirèlman, san w pa gade sou travay sa mande w pou w gen nòt egzat sou vizit, sa ki enpòtan se pou w fè tout sa w kapab pou w retounen !

5 Reflechi sou moun nan : Lè w ap prepare w pou ministè a, revize nòt pou vizit ou yo. Reflechi sou chak moun apa ak jan pou w abòde yo meyè fason an lè w ap fè pwochen vizit la. Reflechi sou fason pou w devlope enterè moun nan pou yon etid biblik lakay li. Planifikasyon konsa kapab ogmante kapasite w pou w bay rannman kòm minis bon nouvèl la, e sa ap ogmante pwòp jwa pa w. — Pwo. 21:5a.

6 Konsa pwochèn fwa ou jwenn yon zòrèy ki alekout, pa fè rezònman kòmkwa ou ka sonje vizit la fasilman. Olye de sa, kouche l sou papye, revize nòt ou yo, kontinye reflechi sou moun nan, e lè w fè konsa ou fè tout sa w kapab pou w retounen !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje