Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Pran bonjan nòt
Men sa 1 Timote 4:16 di: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” Pawòl sa yo Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri Timote a montre, nou dwe chèche vin pi maton nan travay predikasyon kit nou fèk ap preche kit nou gen lontan depi n ap preche. Pou ede nou fè sa, gen yon nouvo ribrik k ap parèt nan Ministè Wayòm nan ki gen tit: “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an.” Chak atik pral pale sou yon pwen enpòtan k ap ede nou vin pi maton nan travay predikasyon an, e atik sa yo ap ban nou kèk ide sou fason nou ka travay pwen sa yo. Nou ankouraje nou tout pou nou bay pwen sa yo anpil atansyon pandan tout mwa a. Apre mwa a, gen yon patisipasyon nan reyinyon sèvis k ap ban nou posiblite pou nou di ki byenfè nou te jwenn lefètke nou te travay pwen yo te bay pou mwa a. Pandan mwa sa a, n ap ankouraje nou pou nou pran bonjan nòt lè n nan travay predikasyon an.
Rezon ki fè sa enpòtan: Pou nou ka ranpli misyon nou genyen an, nou dwe fè plis pase annik preche moun yo. Nou dwe retounen vizite moun ki enterese yo e nou dwe anseye yo yon fason pou nou wouze semans verite nou te plante a (Mat. 28:19, 20; 1 Kor. 3:6-9). Pou nou ka fè sa, sa mande pou nou chèche jwenn yo ankò, pou nou pale avè yo sou sa ki enterese yo, epi itilize konvèsasyon nou te gen avè yo a kòm baz pou nou kontinye konvèsasyon an. Kidonk, lè nou jwenn yon moun ki enterese, li enpòtan pou nou pran bonjan nòt.
Eseye sa a pandan mwa a:
Lè w ap ekri nòt yo, fè moun ki avè w la konnen sa w ap ekri a.