Annou retounen al vizite tout moun ki te manifeste yon enterè kèlkonk
1 Si anpil nan nou nan laverite jodi a se paske te gen yon moun ki te note jan nou te byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e ki te gen pasyans pou l retounen vizite nou. Petèt li te retounen plizyè fwa pou l kiltive enterè sa a. Menm jan an tou, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou retounen al vizite tout moun ki te manifeste yon enterè kèlkonk (1 Tim. 2:3, 4). Anfèt, fè nouvèl vizit fè pati misyon nou genyen an pou nou “ fè disip ”. — Mat. 28:19, 20.
2 Detekte enterè : Menmsi yon moun pa aksepte piblikasyon, ekspresyon vizaj li, ton vwa l oswa mo li itilize kapab revele yon sèten apresyasyon pou mesaj Wayòm nan. Sou baz sa a, nou kapab retounen al vizite moun sa a. Gen yon frè ki t al vizite yon moun pandan senk semèn youn dèyè lòt san moun nan pa t aksepte okenn piblikasyon. Sou sizyèm vizit la, moun nan te aksepte piblikasyon e finalman li te kòmanse etidye Labib.
3 Si w detekte yon enterè kèlkonk, retounen rapidman, petèt kèk jou apre. Pa kite “ mechan an ” jwenn opòtinite pou l rache sa w te simen nan kè moun nan (Mat. 13:19). Si w te pran randevou pou w retounen nan yon lè byen presi, fè tout efò w pou w kenbe pawòl ou. — Mat. 5:37.
4 Lè n ap preche nan lari : Èske w fè tout sa w kapab pou w pousuiv enterè ou jwenn lè w ap preche nan lari, oswa lè w ap bay temwayaj enfòmèl ? Nan fen konvèsasyon an, ou ta kapab di : “ Mwen te byen kontan fè ti pale sa a avè w. Ki kote mwen kapab jwenn ou pou nou ka fè yon ti pale konsa ankò ? ” Lè sa apwopriye, gen kèk pwoklamatè ki konn bay moun ki enterese a nimewo telefòn pa yo, oswa ki konn mande moun nan pou youn bay lòt nimewo telefòn pa yo. Si moun yo abitye wè w ap bay temwayaj nan lari nan menm zòn nan regilyèman, yo kapab dispoze ba w nimewo telefòn yo oswa adrès yo. Menmsi yon moun pa vle ba w enfòmasyon pou w rive kontakte l, ou kapab toujou eseye pousuiv enterè a pwochèn fwa ou rankontre l nan lari.
5 Lè nou wè plant nou wouze e nou kiltive ap fleri, sa ban nou lajwa. Menm jan an tou, nou ka jwenn anpil jwa lè nou fè nouvèl vizit e nou ede moun yo pwogrese nan domèn espirityèl (1 Kor. 3:6). Fikse objektif pou w retounen al vizite tout moun ki te manifeste yon enterè kèlkonk.