Nou dwe wouze semans nou plante yo pou yo ka grandi
1. Ki sa nou dwe wouze dekwa pou yo ka grandi?
1 Nou dwe wouze semans nou plante nan yon jaden pou yo ka grandi. Menm bagay la valab tou pou semans verite nou plante nan kè moun ki nan tèritwa nou yo (1 Kor. 3:6). Nou dwe retounen vizite yo e nou dwe sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou wouze semans senbolik nou plante nan kè yo a si nou ta renmen semans sa yo fè rasin e si nou ta renmen yo grandi.
2. Ki sa nou ka fè pou nou tou poze baz pou pwochen vizit la?
2 Poze yon kesyon: Lè n ap prepare prezantasyon pou nou fè nan predikasyon, poukisa nou pa tou prepare yon kesyon k ap enterese moun yo, yon kesyon nou ka reponn lè nou retounen fè vizit la? Poze kesyon an nan fen konvèsasyon an, epi pran randevou pou nou retounen. Gen anpil pwoklamatè ki twouve li pwofitab lè yo chwazi yon pwen nan liv Sa Labib anseye a k ap pèmèt yo montre moun nan fason yo fè yon etid biblik.
3. Ki enfòmasyon nou ka make nan kanè nou lè n ap pran nòt sou yon moun ki enterese?
3 Pran nòt: Depi nou fin kite moun nou te rankontre a, pran tan pou nou pran nòt. Make non moun nan ak adrès li. Li bon tou pou nou make dat nou te pale ak moun nan ak lè nou te pale avè l la. Make sou ki sijè nou te pale e si nou te kite yon piblikasyon pou li, make ki piblikasyon. Èske l te di nou nan ki relijyon li ye? Èske l gen yon fanmi? Èske l te pale sou sa ki enterese l oubyen èske li te di sa k ap enkyete l? Enfòmasyon sa yo ap ede nou pale sou sijè k ap enterese l lè nou retounen fè vizit la. Anplis de sa, se pou nou ekri ni jou ni lè nou pran randevou pou nou retounen vin wè l, e se pou nou make kesyon n ap vin reponn nan.
4. Poukisa nou dwe pèsevere lè n ap pousuiv enterè moun yo demontre nan mesaj Wayòm nan?
4 Pèsevere: Satan pap sispann fè efò pou l ‘retire pawòl’ nou te plante nan kè moun yo (Mak 4:14, 15). Se sa k fè, nou pa dwe dekouraje si nou gen pwoblèm pou nou jwenn moun ki enterese a lè nou retounen fè vizit la. Èske l posib pou nou voye yon lèt ba li oubyen èske nou ka kite yon ti nòt nan pòt kay la pou li? Gen yon pyonye ki te kòmanse yon etid ak yon dam nan papòt kay dam nan, apre sa, li pa t janm ka jwenn dam nan ankò lè l retounen. Sa pyonye a fè, li voye yon lèt bay dam nan. Finalman, lè pyonye a rive jwenn dam nan lakay li, dam nan di sè a jan enterè li demontre anvè l la touche l anpil. Kidonk, toutpandan n ap wouze semans verite nou plante nan kè moun yo, nou ka gen lajwa pou nou wè semans sa yo boujonnen, yo grandi e yo vin gen matirite. Konsa yo ka ‘bay fwi, genyen k ap bay trant, genyen k ap bay swasant, e genyen k ap bay san fwa lavalè’. — Mak 4:20.