BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/14 p. 3
  • “Mwen pa ka jwenn li lakay li ankò!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Mwen pa ka jwenn li lakay li ankò!”
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Nou dwe wouze semans nou plante yo pou yo ka grandi
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Bay temwayaj nan telefòn
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Annou retounen al vizite tout moun ki te manifeste yon enterè kèlkonk
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Poze baz pou yon nouvèl vizit
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 11/14 p. 3

“Mwen pa ka jwenn li lakay li ankò!”

Èske w deja di pawòl sa yo konsènan yon moun enterese ou te rankontre? Malgre ou fè efò pou al lakay li plizyè fwa, ou pa rive jwenn li pou w ta wouze ti grenn verite ou te simen nan kè l la (1 Kor. 3:6). Pafwa, gen kèk pwoklamatè ki gen eksperyans ki konn ekri yon lèt epi yo voye l pou yon moun yo pa ka jwenn lakay li, oubyen yo konn ekri yon nòt epi yo kite l nan pòt kay moun nan. Gen lòt pwoklamatè ki konn tou mande moun nan nimewo telefòn li lè yo poze l kesyon sa a: “Èske w konn voye SMS?” Konsa, yo tou evite pwoblèm yo ta ka genyen si yo pa ka jwenn moun nan lakay li ankò. Nou ka konte yon vizit lè nou retounen wè moun nan oubyen lè nou ekri l yon lèt, lè nou voye yon imel pou li oubyen yon SMS, lè nou kite yon nòt nan pòt kay li oubyen lè nou rele l nan telefòn. Menmsi moun nan raman lakay li, li posib pou nou kontinye eveye enterè li genyen pou laverite.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje