LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Bay temwayaj nan telefòn
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Bay temwayaj nan telefòn se yon bon fason n ka “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la (Tr 20:24)a. Sa ban nou posiblite pou n preche moun lè sikonstans yo pa pèmèt nou vizite yo an pèsòn.
FASON POU NOU FÈ L:
Prepare. Chwazi yon sijè ki apwopriye. Apre sa, fè yon plan sou sa w ta renmen di. Epi, ou ka prepare yon ti mesaj tou kout pou w esplike yon moun rezon ki fè w rele l, sizoka se mesajri ki ta reponn ou. Li bon pou w chita devan yon tab avèk plan an ak lòt bagay w ap gen bezwen ankò, tankou yon aparèy elektwonik ki tou gen JW Library® oswa jw.org® ouvè.
Mete w alèz. Pale yon fason ki natirèl. Souri epi fè jès tankou moun nan te wè w. Evite poz ki pa nesesè. Li bon pou w travay ak lòt moun. Si moun nou jwenn nan poze yon kesyon, repete l byen fò yon fason pou patnè w la kapab ede w jwenn repons lan
Poze baz pou yon nouvèl vizit. Si moun nan montre l enterese, ou kapab poze l yon kesyon w ap reponn pwochèn fwa w rele l. Epitou, ou kapab ofri l pou w ekri l, pou w pote piblikasyon pou li oswa pou w voye yon piblikasyon pou li. Oubyen ou ka ofri l pou w ekri l mesaj tèks oswa pou w voye youn nan videyo oswa atik nou yo pou li. Lè sa apwopriye, pale ak moun nan sou kèk bagay ki gen sou sit nou an.
a Si pa gen pwoblèm pou n bay temwayaj nan telefòn nan zòn kote n ap viv la, nou dwe fè sa ann amoni ak lwa enpòtan ki gen sou respè enfòmasyon pèsonèl.