‘ Yon pawòl nou di nan yon moman ki apwopriye ’
1 Èske w twouve sa difisil anpil pou w bay moun mesaj lavi a ? Èske w santi fòk ou di gwo bagay pou enpresyone moun ou rankontre yo ? Lè Jezi te voye disip li yo, li te di yo : “ Antan nou prale, preche. Di : ‘ Wayòm syèl la vin pi pre. ’ ” (Mat. 10:7). Se te yon mesaj senp, yon mesaj ki te fasil pou moun te bay. E jodi a, bagay yo pa chanje.
2 Souvan se jis kèk mo nou bezwen pou nou kòmanse yon konvèsasyon. Lè Filip te rankontre enik etyopyen an, li te mande l : “ An reyalite, èske w konprann sa w ap li a ? ” (Tra. 8:30). Sa te demare yon bèl konvèsasyon, paske l te annik di “ yon pawòl (...) nan yon moman ki apwopriye ” ! — Pwo. 25:11.
3 Ou kapab fè menm jan an nan ministè pa w. Ki jan ? Lè w montre ou konn obsève byen, lè w chwazi mo ki byen mache ak sitiyasyon ou jwenn nan. Annik poze yon kesyon, lèfini koute repons moun nan.
4 Men kèk egzanp : Pou w kòmanse yon konvèsasyon, ou mèt eseye nenpòt nan kesyon sa yo :
◼ “ Èske lè w ap lapriyè ou konn sèvi avèk lapriyè ‘ Notre Père ’ a ? ” (Mat. 6:9, 10). Resite yon bout ladann, lèfini di : “ Piske Jezi te di pou non Bondye sangtifye (oswa pou yo mete l apa), gen kèk moun ki konn ap mande : ‘ Ki non ki pou sangtifye a ? ’ Gen lòt tou ki konn di : ‘ Ki Wayòm Jezi te di nou ta dwe priye pou li a ? ’ Èske w deja jwenn bonjan repons pou kesyon sa yo ? ”
◼ “ Sa pa ko janm rive ou mande : ‘ Ki sans lavi a genyen ? ’ ” Montre ki rapò kesyon sa a genyen avèk yon konesans sou Bondye. — Ekl. 12:13 ; Jan 17:3.
◼ “ Èske w panse yon jou nou va delivre anba lanmò ? ” Sèvi ak Izayi 25:8, ak Revelasyon 21:4 pou w bay yon repons solid.
◼ “ Èske w pa panse gen yon solisyon tou senp pou boulvès ki nan monn nan jodi a ? ” Montre moun nan, Bondye aprann nou pou nou ‘ renmen pwochen nou ’. — Mat. 22:39.
◼ “ Èske w panse gen yon gwo wòch ki gen pou sot anlè a vin detwi tè nou an yon jou ? ” Ede moun nan konprann, daprè sa Bib la pwomèt, tè a la pou toutan. — Sòm 104:5.
5 Lè n ap prezante bon nouvèl la, fè sa yon fason senp, yon fason dirèk. Nou pap bliye tou pou nou montre nou janti nan jan n ap abòde moun yo. Jewova ap beni efò n ap fè pou nou bay lòt moun laverite, menm si nou pa di anpil pawòl.