BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/01 p. 8
  • Pa gen tankou yon prezantasyon senp !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa gen tankou yon prezantasyon senp !
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou nou sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fè preparasyon
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Annou ofri peryodik nou yo ki “ rann temwayaj pou laverite ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 4/01 p. 8

Pa gen tankou yon prezantasyon senp !

1 Poukisa ti jèn pwoklamatè yo rive kapte atansyon moun y ap preche yo byen fasil ? Youn nan rezon yo, se paske yo di pawòl ki senp. Gen pwoklamatè ki panse fòk yon moun konn pale byen, pou l ka bay yon temwayaj efikas. Toutfwa, eksperyans montre pa gen tankou yon prezantasyon klè, yon prezantasyon senp.

2 Jezi te preche Wayòm Bondye a yon fason ki senp, ki dirèk, e li te bay disip li yo fòmasyon pou yo fè menm jan an tou (Mat. 4:17 ; 10:5-7 ; Lik 10:1, 9). Li te sèvi ak entwodiksyon ki pa konplike, li te itilize kesyon ak egzanp pou l te kapte atansyon moun ki t ap koute l yo, e pou l te touche kè yo (Jan 4:7-14). Li ta bon pou nou pran egzanp sou Jezi, e pou nou fè prezantasyon moun ka konprann byen fasil.

3 Se mesaj “ bon nouvèl Wayòm nan ” nou dwe preche (Mat. 24:14). Lè nou sèvi ak Wayòm nan kòm baz pou sijè konvèsasyon, sa ede nou fè yon prezantasyon senp. Se pou nou pale de sa ki konsène moun k ap koute nou yo. Medam yo paregzanp, fanmi yo plis enterese yo pase politik. Yon papa ap enkyete l plis sou kesyon travay li ak sekirite fanmi l. Jèn yo enterese ak avni yo. Granmoun yo ta renmen viv an sante, e yo sousye yo de sekirite yo. An jeneral moun yo enkyete yo sou evènman k ap pase bò lakay yo plis pase sa k ap pase nan peyi etranje. Apre nou fin pale ak moun yo sou bagay ki enterese yo, atire atansyon yo sou benediksyon moun ki obeyi Bondye pral jwenn anba dominasyon Wayòm li an. Nou mèt marye kèk mo ki senp nou byen chwazi, ansanm ak yon vèsè nan Bib la. Se meyè fason pou nou kapte enterè moun k ap koute nou an.

4 Ou ta ka kòmanse yon konvèsasyon konsa :

◼“ W ap dakò avè m, gen yon pakèt maladi ki pa gen tretman k ap frape limanite. Men èske w te konnen Bondye pwomèt, talè konsa li pral elimine tout kalite maladi, e li pral menm elimine lanmò ? ” Kite moun nan reponn, epi li Revelasyon 21:3, 4 annapre.

5 Grasa prezantasyon ki klè e ki senp, n ap kapab rive touche lespri ak kè plis moun toujou nan tèritwa a. N ap ede yo pi byen konnen Jewova, epi y ap gen posiblite pou yo viv alèz pou toutan. — Jan 17:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje