Annou fè moun apresye kasèt videyo La Bible : le livre le plus ancien toujours d’actualité
Kesyon annapre yo souliye pwen nou te remake lè nou t ap gade kasèt videyo sa a : 1) Ki kalite fè ki distenge Bib la kòm yon liv san parèy ? 2) Bay yon egzanp ki montre Bib la dakò ak lasyans modèn, malgre se yon ansyen liv. 3) Ki jan nou kapab sètifye Bib la pa chanje jounen jodi a parapò ak sa ki te ekri nan orijinal la ? 4) Ki pwen ki pi remakab nan tèks ansyen maniskri biblik yo, e ki konfyans sa vin fè nou genyen ? 5) Ki fason John Wycliffe, Johannes Gutenberg, William Tyndale, Mary Jones, ak Charles Taze Russell te fè pou simaye Pawòl Bondye a toupatou nan lemonn ? 6) Ki jan legliz te lite kont Bib la avèk mechanste, men ki sa ki pèmèt Bib la la toujou jis jounen jodi a ? 7) Jis nan ki pwen òganizasyon Jewova a te rive tradui Labib, epi jis nan ki pwen li te rive pwodui li ? 8) Ki jan konsèy pratik Bib la bay ede moun ki te esklav pwoblèm jwèt aza (1 Tim. 6:9, 10), pwoblèm separasyon ant moun marye, pwoblèm enfidelite (1 Kor. 13:4, 5 ; Efe. 5:28-33), ak pwoblèm sousi pou richès materyèl (Mat. 16:26) ? 9) Ki prèv ki demontre kote yo mete prensip biblik yo an pratik, yo kapab rezoud ni lahèn nasyonal, ni lahèn etnik, ni lahèn rasyal nan lemonn ? 10) Nan ki sans aprann ou aprann sa Bib la gen ladann, sa fè w viv pi byen ? 11) Ki moun nou panse ki ka tire pwofi nan kasèt videyo sa a, e ki jan nou pral prezante yo li ?