La Bible : Un livre historique et prophétique
La Bible : le livre le plus ancien toujours d’actualité se premye nan twa pati ki genyen nan DVD La Bible : Un livre historique et prophétique la. Apre nou fin gade videyo sa a, n ap reponn kesyon nou jwenn annapre yo.
1) Nan ki sans Bib la ann amoni ak lasyans ? 2) Ki jan nou ka asire nou Bib ki genyen nan epòk pa nou an egzak parapò ak sa ki te ekri nan tèks orijinal la ? 3) Site yon aspè remakab nan tèks ki ekri nan ansyen maniskri biblik yo ? 4) Ki jan John Wycliffe, Johannes Gutenberg, William Tyndale, John Hus, Martin Luther, Casiodoro de Reina ak Charles Taze Russell te kontribye pou simaye Pawòl Bondye a toupatou nan lemonnantye, e ki jan legliz te lite kont Bib la yon fason fewòs ? 5) Ki jan konsèy pratik Bib la bay te ede moun ki gen pwoblèm sante (Sòm 34:8), moun ki gen pwoblèm paske yo esklav jwèt aza (1Tim. 6:9, 10), moun marye ki separe, moun marye ki enfidèl (1 Kor. 13:4, 5 ; Efe. 5:28-33) ak moun se kesyon richès materyèl ki toujou okipe lespri yo (Mat. 16:26) ? 6) Ki prèv ki demontre lè yo mete prensip biblik yo an pratik, sa kapab rezoud pwoblèm hèn nasyonalis, hèn etnik ak hèn rasyal (Lik 10:27) ? 7) Nan ki sans lefètke w atache ak prensip ki nan Bib la, sa fè ou viv pi byen ? 8) Ki jan w ka sèvi ak kasèt videyo sa a pou w ede lòt moun ? — Gade Ministè Wayòm fevriye 2006 la, paj 8.