BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/03 p. 7
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye sèvi Jewova ak tout kè w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 8/03 p. 7

Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Sèjousi yo bay anpil enfòmasyon sou jan pou nou kenbe kè fizik nou nan bon kondisyon, yon fason pou lavi nou ka pi bèl, pou lavi nou ka pi long. Kondisyon kè espirityèl nou gen plis enpòtans toujou. Alò, tèm pwogram jounen asanble espesyal k ap kòmanse an septanm 2003 a vrèman apwopriye. Men li : “ Sèvi Jewova ak yon kè ki konplè. ” ​(1 Kwo. 28:9). Ki sa n ap tann avèk enpasyans pou n al aprann ?

Siveyan sikonskripsyon an pral devlope sijè sa a : “ Annou ede lòt moun sèvi Jewova ak yon nanm ki agreyab. ” Entèvyou yo pral souliye kè kontan yon moun jwenn dèske li kenbe enterè lakay moun ki vle sèvi Jewova epi li etidye Bib la avèk yo. San mank, tout moun nan asistans lan ap jwenn rekonfò ak ankourajman nan premye diskou oratè vizitè a ki gen tit : “ Annou pwoteje kè nou nan yon monn ki chaje ak pwoblèm. ” Diskou batèm nan se pral dènye diskou nan sesyon maten an.

Nan aprèmidi, diskou sa a ki di : “ Annou lonje men bay lòt moun ” pral ede nou reflechi sou fason nou ka ede moun. Ki sa paran yo ka fè pou yo pwoteje kè pitit yo kont move enfliyans e pou yo ede yo pwoche bò kote Jewova ? Patisipasyon ki di : “ Ede pitit nou pou yo jwenn plezi nan Jewova ” pral bay kèk sijesyon pratik e li pral montre ki jan sa ka rive fèt.

Èske nou pwofite tout dispozisyon Jewova pran pou nou kenbe kè espirityèl nou an sante e pou l ka rete solid ? Diskou final oratè vizitè a, ki gen tit : “ Annou konsève tout kè nou etan n ap sèvi Jewova ”, pral atire atansyon nou sou kat aspè esansyèl ki fè pati pwogram nou genyen pou nou kenbe espirityalite nou nan bon kondisyon. Ki kantite tan ak efò nou konsakre pou nou lapriyè ak tout kè nou, pou nou etidye Pawòl Bondye a, pou nou preche avèk zèl e pou nou frekante kretyen parèy nou ? Èske nou ka amelyore nou nan youn nan domèn sa yo ?

Men envitasyon Jewova bay : “ Mennen kè w bay disiplin e mennen zòrèy ou bay pawòl konesans. ” ​(Pwo. 23:12). Planifye depi kounye a pou w la nan jounen enstriksyon sa a ki baze sou Bib la e k ap pwofitab pou ou. Si w fè sa, w ap jwenn fòs pou w kontinye sèvi Jewova ak yon kè ki konplè e ak yon nanm ki agreyab.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje