Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
Frè nou yo,
“ Se Bondye ki te fè l grandi. ” (1 Kor. 3:6). Ala kontan nou kontan wè akwasman ki genyen nan travay predikasyon an nan peyi d Ayiti ! Pandan ane sèvis 2003 a, yo te kondui plis pase 22 748 etid biblik. Sa fè 5 327 etid anplis sou mwayèn ane sèvis ki sot pase a. Nou felisite nou tout pou bon travay sa a.
Se nan lemonnantye Jewova beni aktivite predikasyon an. Ozetazini, gen anpil pwogrè ki fèt nan predikasyon an rapò ak moun ki pale lang etranje yo. Gen kongregasyon e gen gwoup ki egziste nan 37 lang san konte anglè ak espayòl. Nou menm tou, annou fè tout sa nou kapab pou nou touche tout kalite moun nan tèritwa pa nou an, anpalan de peyi d Ayiti.
Filyal Etazini an fè anpil efò pou prepare piblikasyon pou akwasman ki genyen nan travay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye. Enprimri ki nan fèm Watchtower a, tou pre Wallkill, nan Nouyòk fèk sot agrandi. Gen gwo pwogrè ki fèt, yo ajoute plis pase yon kawo tè sou espas ki te la deja a. Sa reprezante valè tè pou 30 Sal Wayòm ki gen yon gwosè nòmal. Nan kòmansman ane 2004 la, yo prevwa de gwo machin dènye kri pou enprime. Chak machin sa yo pral pwodui 25 peryodik pa segonn. Pandan menm ane a, yo pral enstale nouvo aparèy pou relye piblikasyon yo e ap gen ekipman tou nèf pou sèvis ekspedisyon. Sa pral fè yo pwodui plis piblikasyon ak yon pèsonèl ki redui.
Pandan nou kòmanse ane sèvis 2004 la, n ap priye ansanm avèk nou pou Jewova kontinye “ fè l grandi ”.
Frè nou yo,
Filyal d Ayiti