BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/04 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 3/04 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 mas

“ Nou ta renmen envite w nan komemorasyon Soupe Seyè a. L ap fèt dimanch 4 avril. [Sèvi ak do peryodik la oswa ak yon fich envitasyon pou w bay moun nan plis esplikasyon. Apre sa, li Lik 22:19.] De premye atik ki nan peryodik sa a esplike ki siyifikasyon evènman sa a genyen e ki jan nou dwe selebre l. ”

Réveillez-vous! 22 mas

Apre w fin mansyone yon evènman trajik tout moun ap pale de li, ou ka di : “ Èske w pa janm mande w poukisa Bondye pèmèt jan de bagay sa yo rive ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jak 1:13.] Byenke yo ekri atik sa a espesyalman pou jèn yo, li esplike poukisa Kreyatè nou an, ki renmen nou anpil, poko entèvni pou l met yon fen nan soufrans lèzòm. ”

Toudegad 1ye avril

“ Pa gen anpil vèsè nan Bib la moun fè devinèt sou yo menm jan yo fè pou mistè yo rele mak bèt la. Èske w konn tande pale de sa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Revelasyon 13:16-18.] Bib la bay enfòmasyon k ap pèmèt yon moun rive konprann mistè sa a. Peryodik sa a esplike pwen sa yo. ”

Réveillez-vous! 8 avril

“ Pifò moun abitye ak istwa sou lavi Moyiz. Men, èske w te konnen Moyiz te di yon pawòl ki konsène lavi nou jodi a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Detewonòm 18:15.] Réveillez-vous ! sa a fè nou konnen de ki pwofèt y ap pale la a e li esplike ki sa l pral fè pou limanite. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje