BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/06 p. 4
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pwoteje konsyans ou
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 8/06 p. 4

Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Lespri sen te bay premye kretyen yo pisans, sa te pèmèt yo depanse anpil enèji nan simaye bon nouvèl la tout kote yo te kapab (Tra. 1:8 ; Kol. 1:23). Pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2007 la pral ede nou imite bèl egzanp premye kretyen yo te bay. Men tèm li : “ Se pou nou okipe anpil ak pawòl la. ” — Tra. 18:5.

Konsènan Pawòl Bondye a, men sa Wa David te di : “ Rapèl Jewova a merite pou moun fè l konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj. ” ​(Sòm 19:7). Pwogram jounen asanble espesyal la ki te byen prepare pral mete aksan sou jan Ekriti yo itil “ pou mete bagay yo annòd ” e li pral ankouraje nou itilize Pawòl Bondye a pou nou preche e pou nou anseye san nou pa bliye tan ki rete a kout (2 Tim. 3:16, 17). Pwogram sa a pral montre nou fason nou kapab evite pyèj e fason nou kapab jwenn byenfè lè nou aplike prensip biblik yo chak jou nan lavi nou. Anplis de sa, li pral ede nou sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou ede jèn yo ak nouvo yo pwogrese nan domèn espirityèl.

Fè tout posib nou pou nou la depi nan kòmansman pwogram nan, epi suiv avèk atansyon. Note pwen nou kapab aplike pèsonèlman. Montre apresyasyon nou pou ansèyman ak rapèl nou resevwa yo, epi reflechi sou fason nou pral aplike bagay nou aprann yo.

Pwogram jounen asanble espesyal la pral ogmante apresyasyon nou pou Pawòl Bondye a, li pral raple nou nesesite pou nou kontinye kenbe fèm nan preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl, e li pral montre nou fason nou ka ede lòt moun pou yo fè menm jan an. Kidonk, se pou nou detèmine pou nou pa rate okenn direktiv ak enstriksyon Jewova ban nou nan fason sa a ! — Iza. 30:20b, 21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje