Ki sa w ap fè ak lavi w ?
1 Pafwa yo konn poze timoun kesyon sa a : “ Ki sa w ta renmen ye lè w vin gran ? ” Si w se yon gason, lè w te piti, èske w t ap di ou ta renmen vin yon chantè oswa yon polisye ? Oubyen èske w t ap di ou ta renmen vin yon siveyan sikonskripsyon ? Si w se yon fi, lè w te piti, èske w t ap di ou ta renmen konn danse balè oswa ou ta renmen vin yon enfimyè ? Oubyen èske w t ap di ou ta renmen vin yon misyonè ? Kounye a ou vin pi gran, ou dwe poze tèt ou yon lòt kesyon, ‘ Ki sa m ap fè ak lavi m ? ’ Èske w prè pou w pran yon desizyon ?
2 Pou w ka pran meyè desizyon an, òganizasyon Jewova a prepare yon DVD ki gen kòm tit Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie ? Silvouplè, gade l epi reflechi seryezman sou tout sa k ladan l, san wete dram nan, entèvyou yo ak enfòmasyon siplemantè yo. N ap jwenn tout sa li gen ladan l yo nan kare ki rele “ Menu principal ” la.
3 Le drame : Pandan w ap gade dram nan, gade pou w wè si w ka jwenn repons pou kesyon sa yo : 1) Ki resanblans ki gen ant Timote, li menm nou jwenn enfòmasyon sou li nan Ekriti grèk yo, ak André (Tra. 16:1 ; 1 Tim. 4:8 ; 2 Tim. 1:5) ? 2) Ki presyon André te gen sou li pou l atenn yon nivo elve nan espò li te konn pratike a, e ki moun ki te mete presyon sa a sou li ? 3) Kiyès ki te gen enfliyans pozitif sou Timote e kiyès ki te gen enfliyans pozitif sou André, e ki jan moun sa yo te egzèse enfliyans pozitif sa a sou yo (2 Tim. 1:1-4 ; 3:14, 15) ? 4) Ki efè konsèy nou jwenn nan Matye 6:24 la ak sa nou jwenn nan Filipyen 3:8 la te gen sou André, e ki efè li gen sou ou ?
4 Les chapitres : Apre w fin gade dram nan nèt, regade sèn yo mansyone annapre yo epi reponn kesyon yo. “ Paul et Timothée ” : Ki dènye konsèy Pòl te bay Timote (2 Tim. 4:5) ? “ Donner à Jéhovah le meilleur ” : Ki objektif espirityèl ou genyen ? “ Prise de position pour Jéhovah ” : Ki kote n ap jwenn vrè bonè a ? “ Le conseil d’une grand-mère ” : Ki sa k fè li pa bon pou yon moun vle vin yon vedèt nan monn Satan an (Mat. 4:9) ? “ Aucun regret ” : Ki sa w aprann ki kapab ede w jwenn satisfaksyon nan lavi a ? — Pwo. 10:22.
5 Les interviews : Pandan w ap gade pati ki vin apre yo, ki sa w wè ou ka fè pou w bay Jewova tout ou menm ? 1) “ Se consacrer à des choses vaines ou servir Dieu ? ” (1 Jan 2:17). 2) “ Apprendre à aimer la prédication. ” (Sòm 27:14). 3) “ Une porte ouverte sur l’activité. ” — Mat. 6:33.
6 Souvenirs : Èske w kapab reponn kesyon sa yo ? 1) Ki karyè frè a ak sè a t ap pousuiv, e poukisa ? 2) Jis nan ki pwen yo te reyisi nan lavi yo ? 3) Ki lè yo chak te vin pran yon lòt direksyon nan lavi yo (2 Kor. 5:15) ? 4) Ki karyè teyokratik ki te ranplase ansyen karyè yo te genyen yo, e poukisa yo te panse yo pa t ka pousuiv de karyè sa yo anmenmtan ? 5) Èske yo regrèt lefètke yo te fè chanjman sa yo nan lavi yo ? 6) Ki sa yo te di an patikilye ki fè w reflechi sou sa w ta dwe fè ak lavi w ?
7 Interviews supplémentaires : Nan entèvyou sa yo, ki sa w te aprann ou kapab fè pou w akonpli plis toujou nan sèvis ou pou Jewova ? 1) “ La valeur de l’étude individuelle. ” 2) “ D’autres façons de prêcher. ” 3) “ Le service au Béthel. ” 4) “ Guiléad : la formation au service missionnaire. ” 5) “ L’École de formation ministérielle. ” — Gade “ Index de publications traitant des sujets abordés ” a epi fè plis lekti sou sijè ki pi enterese w yo.
8 Donk, èske w deside ki sa w ap fè ak lavi w ? Men egzòtasyon Pòl te bay Timote : “ Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, de fason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. ” (1 Tim. 4:15). Nou ankouraje w fè menm bagay la tou pou sa w te wè ak sa w te tande sou DVD sa a. Mande Jewova pou l ede w pran yon desizyon ki saj, yon desizyon k ap vrèman ba w lajwa ak satisfaksyon nan lavi w depi kounye a e k ap pèmèt ou gen yon avni k ap ba w satisfaksyon ak kè kontan.
[Kare nan paj 6]
MENU PRINCIPAL
Drame
Chapitres (11 chwa)
Interviews
Démarrer
Sections (3 chwa)
Souvenirs
Suppléments
Autres interviews
Index de publications traitant de sujets abordés
Sous-titres
Malentendants
Aucun
Pou w kapab navige sou DVD a, itilize bouton Suite ▶, ◀ Retour ak bouton Menu principal la.