Jèn yo ap mande tèt yo: Ki sa m ap fè ak lavi m? (Dezyèm pati)
Nan meni prensipal ki nan videyo Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? a, chwazi “Interviews”, apre sa chwazi “Sections”. Apre nou fin gade toule twa seksyon yo, sèvi ak kesyon ki nan dezyèm paragraf la pou nou fè revizyon. Ansuit, ale nan “Menu principal” la, chwazi “Suppléments”, lè nou vin gade toule senk entèvyou yo, sèvi ak kesyon ki nan twazyèm paragraf la pou nou fè revizyon.
Sections: Pousuiv objektif ki san valè oubyen vwe lavi nou bay Bondye: 1) Ki objektif y ap fè presyon sou jèn yo pou yo pousuiv? 2) Ki jan pawòl ki nan 1 Jan 2:17 la ka ede jèn yo deside ki nivo enstriksyon pwofàn yo dwe resevwa? 3) Poukisa nou pa dwe kite laperèz fè nou pa batize? 4) Ki bagay konsa nou ka fè pou nou rive pwogrese jiskaske nou batize? Aprann renmen predikasyon: 5) Poukisa kèk moun pa renmen preche? 6) Ki bagay konsa ki ka ede nou? 7) Ki sa kèk moun pi pè pase pale ak moun yo pa konnen, e poukisa? 8) Ki sa nou ka fè pou nou venk laperèz nou genyen e pou nou vin gen kouraj pou nou pale ak lòt moun? 9) Poukisa li enpòtan tou pou nou devlope talan nou nan ministè a? Yon pòt ki mennen nan aktivite: 10) Poukisa sèvis pyonye ban nou okazyon pou nou fè pwogrè nan domèn espirityèl (Fil. 3:16)? 11) Poukisa kèk moun ezite pran sèvis pyonye? 12) Ki prensip biblik ki ka ede nou venk enkyetid nou genyen nan domèn ekonomik? 13) Ki sa kèk moun fè pou yo ka pran swen tèt yo pandan yo nan sèvis pyonye? 14) Ki sa yon moun ka fè si sitiyasyon l pa pèmèt li antre nan sèvis aplentan?
Suppléments: Enpòtans etid pèsonèl genyen: 15) Poukisa li enpòtan pou nou gen bon abitid pou nou fè etid pèsonèl? Lòt fason pou nou bay temwayaj (kounye a nou di bay temwayaj an piblik): 16) Lè nou patisipe nan divès fasèt ki gen nan ministè a, kòman sa ka fè nou vin gen plis jwa? Sèvi nan Betèl: 17) Site kèk bagay ki ka fè moun kontan lè y ap sèvi nan Betèl. Lekòl fòmasyon ministeryèl: 18) Ki byenfè moun ki te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl yo jwenn (kounye a yo rele l Lekòl biblik pou frè selibatè) Lekòl Gileyad: 19) Ki sa Peter ak Fiona te fè pou yo prepare yo pou yo fè karyè nan sèvis misyonè, e ki byenfè yo te jwenn nan Lekòl Gileyad?