Jèn yo ap mande tèt yo: Ki sa m ap fè ak lavi m? (Premye pati)
Toutpandan jèn yo ap grandi pou yo vin adilt, yo dwe pran desizyon ki enpòtan. Pou ede yo nan sans sa a, òganizasyon Jewova a prepare yon DVD ki gen tit: Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? Nan meni prensipal la, chwazi “Drame”, epi gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki nan dezyèm paragraf la. Ansuit, nan meni prensipal la, chwazi “Interviews”, apre sa chwazi “Souvenirs”, epi eseye reponn kesyon ki nan twazyèm paragraf la.
Drame: 1) Ki resanblans ki genyen ant sitiyasyon Timote a ak sitiyasyon anpil jèn kretyen ap rankontre jodi a? 2) Ki presyon yo te fè sou Andre pou l atenn yon nivo elve nan spò li t ap pratike a? 3) Ki sa frè Fleissig te esplike Andre sou a) lè yon moun vwe lavi l bay Jewova e lè l vwe lavi l bay yon spò (Mat. 6:24)? b) kote yon moun ka jwenn kè kontan toutbonvre? c) sa bòl li te konn manje ladan l lè l te nan kan konsantrasyon an te fè l sonje? d) moun ki nan foto ansanm ak li ak madanm li an? e) chanjman li te fè nan objektif li te genyen, èske l te regrèt (Fil. 3:8)? 4) Ki jan granmè Andre te reponn li lè Andre te mande l: “Èske se yon bagay ki mal si m vle vin yon gwo vedèt nan spò?” (Lik 4:5-7). 5) Lefètke Andre te genyen kous la, èske sa te fè l jwenn vrè satisfaksyon an? 6) Ki sa w te pi apresye nan dènye lèt frè Fleissig te ekri Andre a (Pwo. 10:22)? 7) Ki sa frè Fleissig te ede Andre konprann?
Souvenirs: 8) Ki karyè frè a ak sè a t ap pousuiv, e poukisa? 9) Jis nan ki pwen yo te reyisi nan lavi yo? 10) Ki sa k te pouse yo pran desizyon pou yo bay lavi yo yon lòt direksyon (2 Kor. 5:15)? 11) Ki karyè teyokratik ki te ranplase ansyen karyè yo te genyen yo, e poukisa yo te panse yo pa t ka pousuiv de karyè sa yo anmenmtan? 12) Èske yo te regrèt lefètke yo te fè chanjman sa yo nan lavi yo? 13) Ki sa yo te di an patikilye ki fè w reflechi sou sa ou ta dwe fè ak lavi w?
Tanpri gade lot entèvyou yo ak sipleman an epi prepare w pou w fè kòmantè sou yo nan konvèsasyon yo pral fè nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan.