Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye fevriye
“ Si fanmi yo te suiv konsèy nou pral li la a, ki efè ou panse sa t ap genyen sou yo ” [Li Efezyen 4:31. Apre sa kite moun nan reponn.] Atik sa a bay kèk konsèy pratik ki soti nan Bib la, konsèy k ap ede moun yo regle pwoblèm yo konn genyen antre yo e k ap montre yo sa pou yo fè pou yo ka toujou gen kè kontan nan maryaj yo. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 18 la.
Réveillez-vous! Fevriye
“ Gen moun ki kwè Bondye pa janm bliye okenn peche nou fè. Tandiske, gen lòt moun ki panse Bondye padone tout peche nou fè, kèlkeswa gravite peche a. E ou menm sa w panse ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Travay 3:19.] Atik sa a pale sou twa bagay Bib la di yon moun dwe fè pou l benefisye mizèrikòd Bondye. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye mas
“ Mwen ta renmen tande opinyon w sou vèsè sa a, yon vèsè anpil moun konnen [Li Jan 3:16.] Èske w pa janm mande tèt ou kòman lanmò yon moun ka fè lòt moun jwenn lavi etènèl ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay yon esplikasyon ki klè, yon esplikasyon k ap satisfè w sou fason lanmò Jezi ka pwofitab pou nou. ”
Réveillez-vous! Mas
“ Èske w panse tout relijyon bon ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di sou adorasyon kèk moun ap bay Bondye a. [Li Mak 7:7.] Ki sa yon moun ka fè pou l konnen si yon relijyon ap anseye laverite oubyen si se ‘ kòmandman lèzòm ’ l ap anseye ? Nan domèn relijyon, èske moun ka rive konnen laverite ? Peryodik sa a reponn kesyon sa yo. ”