BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/03 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 2/03 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

Réveillez-vous! 22 fevriye

“ Èske w panse Bondye te vle pou tout moun, granmoun kou timoun, soufri malnitrisyon ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki pwomès rekonfòtan nou jwenn nan Bib la. [Li Sòm 72:16.] Réveillez-vous ! sa a pale de sa ki lakòz malnitrisyon e, sa ki pi enpòtan, li pale de pwomès Bondye fè pou l rezoud pwoblèm sa a talè konsa. ”

Toudegad 1ye mas

“ Gen moun ki toujou ap mande tèt yo èske Bondye se yon pèsòn reyèl. Gen lòt ki di li egziste, men yo santi li twò lwen yo. Èske w remake sa ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki jan Bib la montre li enpòtan pou nou aprann konnen ki jan de moun Bondye ye. [Li Jan 17:3.] M panse w ap byen kontan li de premye atik ki nan jounal sa a. ”

Tour de Garde 1ye mas

“ Nou ta renmen ou di nou sa w panse de vèsè sa a. [Li Matye 5:10.] Ki jan yon moun ka gen kè kontan pandan l anba pèsekisyon ? [Kite moun nan reponn.] De premye atik ki nan peryodik sa a pale de kèk moun ki pa t pèdi jwa yo malgre yo t ap soufri. M panse w ap byen kontan wè ki jan sa te fè posib. ”

Réveillez-vous! 8 mas

“ Malgre tout pwoblèm ki gen nan lavi a, nou gen tout rezon pou nou di Bondye mèsi. Èske w pa dakò ak sa ? [Kite moun nan reponn.] Youn nan rezon nou genyen pou nou di Bondye mèsi, se fason li te kreye nou. [Li Sòm 139:14.] Vrèman, nou gen tout rezon pou nou kontan dèske nou gen senk sans ki pèmèt nou apresye lavi a. Se sa Réveillez-vous ! sa a montre. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje