BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/07 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 2/07 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

Toudegad 1ye mas

“ Gen moun ki panse lèzòm ap depafini tè a. Èske sa konn enkyete w ? [Kite moun nan reponn.] Remake yon pwomès rekonfòtan nou jwenn nan Bib la. [Li Revelasyon 11:18.] Peryodik sa a prezante enfòmasyon ki montre rezon ki fè planèt sa a se yon planèt ki san parèy. Li montre tou sa Bib la di konsènan avni tè a. ”

Réveillez-vous! Fevriye

“ Èske w panse sa ki di nan vèsè nou pral li la a se rezon ki fè nou wè gen tout pwoblèm sa yo nan monn nan ? [Li 1 Jan 5:19. Apre sa, kite moun nan reponn.] Atik sa a montre sa Bib la di konsènan idantite “ mechan an ” e li montre ki jan nou kapab evite tonbe anba enfliyans li, yon enfliyans ki pisan. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 12 la.

La Tour de Garde 1ye mas

“ Anpil moun kwè nan kèlkeswa relijyon yo ye a, se Bondye y ap sèvi. Èske w panse relijyon yon moun chwazi se yon bagay ki enpòtan ? [Kite moun nan reponn.] Remake ki rekòmandasyon nou jwenn nan Bib la. [Li 1 Jan 4:1.] Peryodik sa a pale sou fason nou kapab egzamine yon ansèyman pou nou detèmine si se ansèyman Bondye li ye. Li esplike tou ki jan divès relijyon te fè vin egziste. ”

Réveillez-vous! Mas

“ Dapre ou menm, ki pwoblèm jèn yo rankontre jodi a ? [Kite moun nan reponn.] Vèsè nou pral li la a montre gen yon defi jèn yo bezwen leve. Defi sa a se rive jwenn bonjan zanmi. [Li Pwovèb 13:20.] Peryodik sa a pale sou danje ki genyen nan fè zanmi sou entènèt ak sou fason jèn yo kapab pwoteje tèt yo. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje