BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/06 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 2/06 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 fev.

“ Si w ta gen pou w chwazi yon moun pou dirije monn nan, kiyès ou t ap chwazi ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine kalifikasyon Mesi a, moun Bondye chwazi pou dirije tè a. Li esplike tou ki sa rèy li pral pote pou limanite. ” Li Izayi 9:6, 7.

Réveillez-vous! Fev.

“ Jodi a, moun yo adore anpil dye. Sepandan, note sa Jezi te di nan yon priyè konsènan Papa l ki nan syèl la. [Li Jan 17:3.] Si gen yon sèl vrè Dye, e tout lòt dye yo, sa yo ye ? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a bay pwennvi Labib sou kesyon sa a. ” Prezante atik ki nan paj 28-9 la.

Toudegad 1ye mas

“ Pifò moun dakò nou dwe gen lanmou youn pou lòt, menm jan Jezi kòmande nou sa nan vèsè sa a. [Li Jan 13:34, 35.] Sepandan, ki kote nou ka jwenn moun k ap aplike ansèyman Jezi yo nan lavi yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine fason nou kapab idantifye vrè kretyen yo jodi a. ”

Réveillez-vous! Mas

“ Lanmou endispansab pou bonè nou ak byennèt nou. Toutfwa, vrè lanmou an se yon bagay ki difisil pou anpil moun jwenn. Dapre ou menm, sa k fè sa ? [Kite moun nan reponn.] Youn nan mwayen pou nou jwenn vrè lanmou an se pou nou aprann montre lanmou san enterè pou lòt moun. Peryodik sa a esplike ki sa sa enplike. ” Li 1 Korentyen 13:4-7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje