Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 fevriye
“ Anpil moun twouble poutèt bagay mal k ap fèt nan non relijyon. Gen moun menm ki panse se relijyon ki rasin pwoblèm lèzòm genyen yo. Èske w pa janm reflechi sou sa ? [Kite moun nan reponn. Ansuit li Revelasyon 18:24.] Peryodik sa a egzamine ki sa Bib la di sou sa. ”
Réveillez-vous! 22 fevriye
“ Gen moun ki pran anpil plezi nan etidye bèt e gen lòt moun ki renmen genyen yo bò kote yo. Ki sa w panse de sa ? [Kite moun nan pale.] Peryodik sa a pale sou kèk difikilte moun jwenn nan gade bèt. Li esplike tou pwomès Bondye fè kote yon lè tout bèt pral viv anpè ni ant yo menm ni ak lèzòm. ” Li Izayi 11:6-9.
La Tour de Garde 1ye mas
“ Gen yon lè yo te mande Jezi Kris : ‘ Kiyès nan tout kòmandman yo ki premye ? ’ Gade ki repons li te bay. [Li Mak 12:29, 30.] Èske w pa janm reflechi sou sa Jezi te vle di ? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a, ki pale sou ‘ Ki jan pou nou montre nou renmen Bondye ’, fè yon egzamen sou siyifikasyon pawòl selèb sa yo. ”
Réveillez-vous! 8 mas
“ Te gen yon lè, anpil moun t ap viv nan laperèz, yo te pè yon gè nikleyè. Èske w panse jodi a gen anpil chans pou ta gen yon gè nikleyè ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay kèk enfòmasyon resan ki konsène nou tout. Li esplike tou pwomès Bib la fè konsènan yon monn kote pap gen laperèz ankò. ” Li Sefànya 3:13.