Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 fevriye
“ Gende fwa nou tande pale de mirak yo pretann ki fèt. [Bay yon egzanp.] Gen moun ki kwè nan sa yo rapòte yo, gen lòt moun ki gen dout. Peryodik sa a egzamine si mirak yo pale nan Bib la te fèt vre, e si bagay konsa ka fèt jodi a. ” Li Jeremi 32:21.
Réveillez-vous! 22 fevriye
“ Nan tan lontan, Bondye te bay timoun yo lòd pou yo onore ni manman yo ni papa yo. [Li Egzòd 20:12.] Èske w panse jodi a manman yo resevwa onè kòmsadwa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine pwoblèm manman yo rankontre nan divès peyi e li montre ki jan yo debouye yo anba pwoblèm sa yo. ”
Toudegad 1ye mas
“ Èske w panse sitiyasyon an ta pi bon nan lemonn si tout moun te mete konsèy nou pral li la a ann aplikasyon ? [Li Women 12:17, 18. Ansuit, kite moun nan reponn.] Malerezman, pafwa moun gen mezantant antre yo. Peryodik sa a montre lè nou aplike konsèy Bib la bay, sa kapab ede nou rezoud mezantant yo e sa kapab retabli lapè. ”
Réveillez-vous! 8 mas
“ Chak ane, bezwen moun genyen nan domèn enèji tankou gaz, gazolin ak elektrisite, ap ogmante. Èske w imajine ki sa ki t ap rive si bagay sa yo nou bezwen an ta fini yon jou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou pwogrè lèzòm reyalize nan devlopman sous enèji ki pi pwòp. Li fè nou konnen tou kiyès ki Sous tout enèji. ” Li Izayi 40:26.