Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
Frè nou yo,
Men sa nou te li nan yon lèt ki soti nan filyal peyi Etazini : “ Se avèk anpil kè kontan fanmi Betèl la te aplodi yon anons yo te bay nan kilt matinal jou lendi ki te 4 fevriye 2008 la. Nan anons lan yo te di : ‘ Nan wikenn ki sot pase a, nou te akeyi plizyè siveyan prezidan ki soti nan divès kongregasyon Ozetazini. Kounye a siveyan prezidan sa yo nan Patèson kote y ap asiste premye klas lekòl pou ansyen yo. ’ ”
Men sa yo te di nan lèt la ankò : “ Etidyan yo apresye bèl asosyasyon yo genyen ak fanmi Betèl la, sa ki vrèman ankouraje yo. Anplis de sa, chak jou yo asiste kilt matinal e yo te asiste etid Toudegad la nan lendi swa. Nan dènye jou lekòl la, gen yon manm komite filyal Etazini an ak yon manm kolèj santral la ki bay yon diskou, e se yon aspè enteresan nan pwogram nan.
Anpil nan ansyen ki te asiste lekòl la te eksprime rekonesans yo pou sa. Gen youn ladan yo ki te di : ‘ Se pa de ankourajman mwen te jwenn pandan semèn mwen te pase nan Betèl la. ’ Gen yon lòt ki di : ‘ Kounye a mwen santi m gen plis fòs pou m akonpli responsablite m. Mwen vin gen plis zèl toujou. ’ Pwogram kou sa a gen ladan l diferan aspè nan responsablite siveyan prezidan yo genyen, e l ap ede yo pran swen kongregasyon an pi byen toujou. ” — Tra. 20:28.
Nou byen kontan aprann bèl dispozisyon sa a Jewova pran, sa ki montre li renmen nou. N ap tann pou nou wè si y ap fè menm bagay la nan lòt peyi yo tou.
Frè nou yo,
Komite filyal d Ayiti