BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 avril p. 2
  • Byen akeyi yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen akeyi yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Moun ki vini yo pral jwenn yon kokenn temwayaj
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Byen akeyi envite nou yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Byen akeyi yo!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki vin asiste Memoryal la ?
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 avril p. 2

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Byen akeyi yo

Kiyès pou nou byen akeyi? Kèlkeswa moun ki asiste reyinyon nou yo, kit yo fèk kòmanse asiste yo, kit nou konnen yo depi lontan (Wm 15:7; Eb 13:2). Se ka yon frè oswa yon sè ki soti nan yon lòt peyi oubyen yon frè oswa yon sè ki inaktif k ap asiste reyinyon pou premye fwa depi plizyè ane. Imajine ki jan w t ap santi w si se ou ki te nan sitiyasyon sa yo. Èske w pa t ap renmen pou yo byen akeyi w (Mt 7:12)? Kidonk, sa w panse si w ta fè plis efò pou w fè yon ti mache nan Sal Wayòm nan e pou w salye moun ki la yo anvan reyinyon yo kòmanse ak lè yo fini? Sa ap fè gen lanmou ak yon bèl anbyans nan sal la, e sa ap onore Jewova (Mt 5:16). Se vre, li gendwa pa posib pou nou gentan pale ak chak moun. Men, tout moun ap santi yo byen akeyi yo si nou chak nou fè efò pou saa.

Si nou konn akeyi moun toutbon, se pa nan okazyon espesyal sèlman, tankou Memoryal, n ap fè sa, men se toutan. Lè moun ki fèk ap vini yo wè lanmou kretyen an ann aksyon e lè yo santi yo viv li, sa ka fè yo bay Bondye glwa e sa ka fè yo vin jwenn nou nan vrè adorasyon an. — Jan 13:35.

a Prensip ki nan Bib la montre nou pa dwe salye moun ki eskominye ak moun ki fè retrè volontè ki petèt ap vin asiste reyinyon yo. — 1Ko 5:11; 2J 10.

Yon frè k ap salye de moun ki vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan pou premye fwa

KÈK KONSÈY SOU FASON POU NOU EDE MOUN KI FÈK AP VINI YO

  • Fè konesans ak yo

  • Envite yo pou yo vin chita bò kote nou

  • Suiv avèk yo nan Bib nou ak nan kantik nou

  • Lè reyinyon an fini, se pou nou disponib pou nou reponn nenpòt kesyon yo ka genyen

  • Lè sa apwopriye, ofri yo pou nou fè yon etid Labib avèk yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje