BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 jiyè p. 26-29
  • Mwen jwenn anpil kè kontan nan sèvis Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mwen jwenn anpil kè kontan nan sèvis Jewova
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MWEN T AL ANN AFRIK DISID!
  • MARYAJ AK YON LÒT ASIYASYON
  • NOU RETOUNEN NAN BETÈL
  • MWEN TE REKÒMANSE TRAVAY NAN ENPRIMRI A ANKÒ
  • YO TE VOYE N AL SÈVI YON LÒT KOTE!
  • Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Èske w ka rann ou disponib ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 jiyè p. 26-29
John ak Laura Kikot.

BYOGRAFI

Mwen jwenn anpil kè kontan nan sèvis Jewova

DAPRE JOHN KIKOT

PREMYE travay mwen nan Betèl Kanada se te bale bilding kote enprimri a te ye a. Se te nan ane 1958, e mwen te gen 18 an lè sa a. Mwen te satisfè ak lavi m, e yon ti tan annapre, yo te ban m sèvi ak yon machin pou koupe arebò peryodik ki te fin enprime yo. Mwen te vrèman kontan sèvi nan Betèl!

Nan ane ki te vin apre a, yo te fè fanmi Betèl la konnen yo bezwen volontè pou al sèvi nan filyal Afrik disid, kote yo t apral enstale yon lòt près a woulo. Mwen te bay non m, e mwen te kontan anpil lè yo te chwazi m. Yo te chwazi twa lòt frè nan Betèl Kanada a tou. Se te Dennis Leech, Bill McLellan ak Ken Nordin. Yo te di nou yo t ap ban n yon tikè ale senp!

Mwen te rele manman m nan telefòn, mwen te di l: “Manmi, mwen gen yon nouvèl pou ou. Mwen pral Afrik disid!” Manman m te yon dam ki trankil, men li te gen lafwa e li te gen yon relasyon sere ak Jewova. Li pa t di m anpil bagay, men, m konnen li te dakò. Ni li menm, ni papa m pa t kont desizyon m te pran an, byenke yo te tris poutèt mwen t apral byen lwen.

MWEN T AL ANN AFRIK DISID!

Mwen menm ak Dennis Leech ansanm ak Ken Nordin ak Bill McLellan ki nan yon tren k ap sot nan vil Kap pou al Jowanèsbou, an 1959.

Nou toule kat ki nan yon rankont k ap fèt nan filyal Afrik disid la an 2019 pou nou selebre 60 an nou nan sèvis la.

Toudabò, nou toule kat frè yo te chwazi yo t al nan Betèl Bwouklin pou n te pran fòmasyon pandan twa mwa sou fason pou n sèvi ak machin ki fonn plon pou fabrike lèt alfabè pou enprime. Annapre, nou te pran yon bato ki konn pot machandiz pou n t al nan vil Kap ann Afrik disid. Mwen te fèk gen 20 an. Li te gentan fin aswè lè nou te kòmanse yon vwayaj byen long nan tren, soti nan vil Kap pou n al Jowanèsbou. Nou te fè yon premye eskal byen bonè nan maten nan yon ti vil nan Kawou, yon kote ki te tankou yon dezè. Te gen pousyè e li te fè cho. Nou toule kat t ap gade nan fenèt la e nou t ap di tèt nou ki kalite zòn sa a? Nan ki sa nou foure tèt nou la a? Nan ane ki te vin annapre yo, lè nou te retounen vizite zòn sa a, nou te vin twouve ti vil sa yo enteresan e moun yo t ap viv yon fason ki byen pezib.

Pandan plizyè ane, mwen te konn travay sou machin linotip, yon machin ki enteresan e ki konplike, pou fabrike lèt ki t ap sèvi pou enprime Toudegad ak Reveye n! Biwo filyal la te konn enprime peryodik nan plizyè lang afriken, nonsèlman pou Afrik disid, men tou, pou anpil peyi ki nan nò yo. Nou te kontan wè jan nouvo près a woulo sa a nou te sot byen lwen vin travay sou li a te itil anpil!

Annapre, mwen te travay nan Biwo enprimri a ki te okipe plizyè bagay ki gen rapò ak enprimri, transpò ak tradiksyon. Mwen te okipe anpil e m te renmen lavi m t ap mennen an.

MARYAJ AK YON LÒT ASIYASYON

Mwen mwen ak Laura, lè nou te pyonye espesyal an 1968.

An 1968, mwen te marye ak Laura Bowen, yon sè ki te pyonye ki te abite toupre Betèl. Li te konn travay nan Betèl la nan Depatman tradiksyon antanke daktilograf. Nan epòk sa a, potko gen dispozisyon pou moun ki fèk marye yo rete nan Betèl. Se sa k fè, yo te voye nou al sèvi kòm pyonye espesyal. Mwen te yon ti jan ap enkyete. Apre m te fin fè dizan nan Betèl, kote m te toujou gen manje ak yon kote pou m rete, ki jan nou t ap ka degaje nou ak ti kòb yo te bay pyonye espesyal yo? Nou chak t ap gen pou n resevwa 25 rand chak mwa, (ki te vo 35 dola ameriken nan epòk sa a), si nou te rive bay kantite lè ak nouvèl vizit yo te di pou nou bay la, e si nou te rive plase kantite piblikasyon yo te mande a. Avèk kòb sa a, nou t ap gen pou n peye lwaye kay nou, manje ak transpò, san wete medikaman ak lòt depans ankò.

Yo te voye nou al sèvi nan yon ti gwoup toupre vil Diban, nan Oseyan Endyen. Te gen yon gwo popilasyon endyen nan zòn sa a. Anpil nan yo se te desandan moun ki te vin travay nan plantasyon kann nan fen ane 1800 yo. Men, yo te vin gen lòt travay, byenke yo te toujou ret atache ak kilti yo ak manje yo konn manje, sa gen ladan l yon bon ti manje ki rele kiri. Yo te pale anglè, sa ki te fè l fasil pou nou preche yo.

Pyonye espesyal yo te gen pou yo bay 150 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Se sa k fè mwen menm ak Laura te fè yon pwogram pou nou preche sizèdtan premye jou a. Li te fè cho e te gen imidite. Nou pa t gen ni nouvèl vizit, ni etid biblik, se sa k fè nou te oblije fè sizèdtan ap preche kay an kay. Yon ti tan apre nou te kòmanse preche, mwen te gade mont mwen, e mwen te wè nou te gen sèlman 40 minit depi n ap preche! Mwen te mande tèt mwen ki jan n t ap fè kenbe?

Nou pa t pran tan pou n te òganize nou. Chak jou, nou te prepare sandwich e nou te konn fè ti bouyon oswa kafe met nan yon tèmos. Lè nou te bezwen pran yon ti repo, nou te mete ti Vòlzvagennz nou an nan lonbray yon pyebwa ki te toupre a. Pafwa, te gen yon seri bèl ti endyen ki te konn vin antoure nou, e yo te konn ap gade nou paske yo te wè nou pa sanble ak yo. Nan kèk jou, nou te vin rann nou kont, apre de oswa twa premye èdtan yo, rès jounen an te pase byen vit.

Se pa ti kontan nou te kontan pataje verite ki nan Bib la ak moun nan tèritwa sa a ki te renmen akeyi moun! Nou te twouve pèp endyen an gen respè pou moun, yo gen bon jan e yo renmen Bondye. Anpil Endou te aksepte mesaj nou t ap preche yo a. Yo te renmen sa yo t ap aprann sou Jewova, sou Jezi, sou Labib, sou yon avni nan monn nouvo a ki pral gen lapè, e sou espwa ki genyen pou moun ki mouri yo. Apre ennan, nou te vin gen 20 etid. Chak jou nou te konn manje manje midi nou ak youn nan fanmi nou t ap etidye avèk yo. Nou te kontan anpil.

Men, sa pa t pran tan pou yo te voye n yon lòt kote. Yo te voye nou nan travay sikonskripsyon an, sou kòt Oseyan Endyen an ki te vrèman bèl. Chak semèn, yon fanmi te envite nou lakay yo pandan nou t ap vizite pwoklamatè nan kongregasyon yo pou n ankouraje yo e pou n preche ansanm avè yo. Nou te vin tankou fanmi yo. Nou te renmen pase tan ak pitit yo ansanm ak bèt yo te gen lakay yo. Nou te pase de bèl ane nan zòn nan. Epi, bridsoukou, biwo filyal la te rele m nan telefòn. Frè yo te di m: “Nou ta renmen w tounen nan Betèl.” Men ki repons mwen te ba yo: “Nou konnen, nou vrèman kontan kote nou ye a.” Men, an reyalite, nou te dispoze al kèlkeswa kote yo voye n.

NOU RETOUNEN NAN BETÈL

Mwen te travay nan Depatman sèvis nan Betèl, kote m te gen privilèj travay ansanm ak yon pakèt frè ki gen matirite ak eksperyans. Nan epòk sa a, chak kongregasyon te resevwa yon lèt apre siveyan sikonskripsyon an te fin bay rapò sou vizit li te fè. Objektif lèt sa yo se te ankouraje frè yo epi ba yo direksyon yo t ap bezwen. Sa te mande anpil travay pou sekretè nou yo tradui rapò siveyan sikonskripsyon yo fè nan lang sosa, zoulou ak lòt lang ann anglè, epi tradui lèt filyal la voye yo, ki ann anglè, nan plizyè lang afriken. Mwen te apresye travay di tradiktè sa yo te fè ki te pèmèt mwen konprann difikilte frè ak sè afriken nwa yo te jwenn.

Nan epòk sa a, te gen apated, yon sistèm gouvènman ki te gen ann Afrik disid. Yo te bay chak gwoup moun kote pou yo viv selon ras yo, e moun ki pa t nan menm ras pa t gen dwa pou yo ansanm. Frè afriken nwa yo te pale lang pa yo, yo te preche nan lang pa yo e yo te asiste reyinyon nan lang pa yo.

Mwen pa t konn anpil Afriken nwa, paske yo te toujou voye m nan kongregasyon anglè. Sepandan, mwen te vin gen posiblite pou m aprann konn kèk bagay konsènan Afriken nwa yo, sou kilti yo ak koutim yo. Mwen te vin aprann ki difikilte frè nou yo te jwenn akoz tradisyon ak kwayans moun yo nan zòn nan. Frè nou yo te gen anpil kouraj. Yo te vire do bay yon seri tradisyon ki pa ann amoni ak Bib la. Yo te refize yon seri pratik ki gen rapò ak movèzespri, menm lè yo te konnen yo te kapab jwenn gwo opozisyon nan fanmi yo ak nan vilaj kote yo t ap viv la! Moun yo te pòv anpil nan zòn andeyò yo. Anpil nan yo pa t fè gwo klas oswa yo pa t al lekòl ditou, men, yo te gen respè pou Bib la.

Mwen te gen privilèj travay sou kèk ka ki gen rapò ak lalwa konsènan libète pou nou adore ak kesyon netralite a. Sa te vrèman ranfòse lafwa m lè m te wè yon seri timoun ki Temwen Jewova ki fidèl e ki gen kouraj yo te met deyò nan lekòl yo poutèt yo te refize patisipe nan priyè oswa nan chante yon seri chante ki gen rapò ak relijyon.

Frè yo te jwenn yon lòt difikilte nan yon lòt peyi ann Afrik ki te rele Swazilann. Lè wa Sobhuza II mouri, yo te egzije tout sitwayen pou yo suiv yon seri koutim ki gen rapò ak antèman. Yo te egzije mesye yo pou yo kale tèt yo e yo te egzije medam yo pou yo koupe cheve yo kout. Yo te pèsekite anpil frè ak sè paske yo te refize suiv pratik sa yo ki gen rapò ak adorasyon zansèt yo ki mouri. Nou te vrèman kontan wè jan frè ak sè yo fidèl ak Jewova. Nou te aprann anpil bagay nan men frè ak sè afriken yo anrapò ak fidelite e anrapò ak pasyans. Sa te ranfòse lafwa nou.

MWEN TE REKÒMANSE TRAVAY NAN ENPRIMRI A ANKÒ

An 1981, yo te voye m al ede frè yo ki t apral kòmanse sèvi ak òdinatè nan travay k ap fèt nan enprimri a. Se konsa mwen te retounen travay nan enprimri a ankò. Se te yon bèl epòk! Metòd yo te konn itilize pou enprime a t ap chanje anpil. Gen yon demachè nan peyi a ki te bay filyal la eseye yon nouvo machin san filyal la pa t peye pou sa. Konsa, yo te met senk nouvo machin nan plas nèf machin linotip ki te la yo. Yo te enstale yon lòt près a woulo tou. Travay la te fèt pi vit toujou!

Lefètke nou te kòmanse sèvi ak òdinatè pou n enprime, sa te ede nou tou pou nou vin ak lòt metòd pou ranje tèks yo sou paj yo grasa MEPS, yon sistèm elektwonik pou fè edisyon nan plizyè lang. Gen anpil pwogrè ki te fèt nan teknoloji depi lè nou toule kat te kite Betèl Kanada pou n vin travay ann Afrik disid (Eza. 60:17)! Nou tout te marye ak sè ki pyonye e ki renmen Jewova anpil. Mwen menm ak Bill te kontinye sèvi nan Betèl. Ken ak Dennis te vin gen pitit e yo te abite toupre a.

Te vin gen plis aktivite nan filyal la. Yo te tradui plizyè piblikasyon ki baze sou Bib la nan plizyè lòt lang e yo te konn voye yo nan lòt filyal. Se sa k fè yo te vin bezwen yon nouvo Betèl. Frè yo te bati yon bèl Betèl nan zòn lwès Jowanèsbou e yo te inogire l an 1987. Mwen te vrèman kontan patisipe nan travay sa a epi sèvi nan Komite filyal Afrik disid la pandan plizyè ane.

YO TE VOYE N AL SÈVI YON LÒT KOTE!

An 2001, se pa ti sezi n te sezi lè yo te envite m vin fè pati Komite filyal peyi Etazini an ki te fèk fòme. Byenke sa te fè nou tris pou n te kite travay nou ak zanmi nou ann Afrik disid, nou te vrèman kontan vin fè pati fanmi Betèl Etazini an.

Sepandan, youn nan bagay ki te enkyete nou, se te kite manman Laura ki te fin granmoun. Nou pa t ka vrèman ede l detan nou Nouyòk, men, twa sè Laura yo te ofri tèt yo pou yo pran swen l. Yo te di: “Piske nou pa ka antre nan sèvis aplentan, si nou pran swen manman nou, sa ap pèmèt nou kontinye nan asiyasyon nou.” Nou gen anpil rekonesans dèske yo te fè sa.

Anmenmtan tou, frè m nan ak madanm li ki t ap viv Towonto, nan peyi Kanada, t ap pran swen manman m ki te vèv. Nan epòk sa a, manman m te gen plis pase 20 an depi li t ap viv ansanm avèk yo. Nou gen anpil rekonesans pou lanmou ak atansyon yo te ba li jiskaske l mouri yon ti tan apre nou te fin rive Nouyòk. Se yon gwo benediksyon lefètke nou gen moun nan fanmi nou ki dispoze fè chanjman nan lavi yo pou yo pran yon responsablite pafwa ki kapab parèt vrèman difisil!

Pandan kèk ane, mwen te travay nan pwodui piblikasyon Ozetazini, yon travay ki te vin pi efikas toujou e ki te vin pi senp. Pa gen twò lontan depi m ap travay nan Depatman acha. Pandan 20 an ki pase yo, mwen te vrèman kontan travay nan gwo filyal sa a, kounye a ki gen anviwon 5 000 moun ki fè pati fanmi Betèl la ak anviwon 2 000 moun k ap travay kòm volontè ki pa abite nan Betèl!

Sa gen 60 an, mwen pa t ap janm panse se la mwen t ap ye jodi a. Laura te soutni m ak tout kè l pandan tout ane sa yo. Se te vrèman yon bèl vi! Nou vrèman apresye divès asiyasyon nou te jwenn, e nou te kontan travay ansanm ak yon seri moun estrawòdinè, san wete moun nou te vizite nan plizyè biwo filyal anpil kote nan monn nan. Kounye a, mwen gen plis pase 80 an, yo ban m mwens travay pou m fè, piske gen anpil jèn frè ki jwenn fòmasyon pou fè travay la.

Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo di: “Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la.” ​(Sòm 33:12). Vrèmanvre, pawòl sa a se laverite! Mwen gen anpil rekonesans dèske m te kapab sèvi Jewova ansanm ak pèp li a ki gen kè kontan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje