BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 1 p. 8-9
  • Yon ti souri se yon bèl kado pou n pataje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon ti souri se yon bèl kado pou n pataje
  • Reveye n! — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YO TE SOURI, SA TE “REMONTE MORAL MWEN”
  • Leson 5
    M ap aprann nan Bib la
  • Fè jès e demontre santiman sou vizaj ou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Tout sa te rive grasa yon souri!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Èske nou ka viv ak kè kontan depi kounye a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
Gade plis
Reveye n! — 2017
g17 no 1 p. 8-9
Moun ki gen divès laj e ki sot nan divès ras k ap souri

Yon ti souri se yon bèl kado pou n pataje

KI SA W fè lè yon moun fè yon bèl ti souri ba ou? Sandout, ou souri tou. E petèt w ap santi w gen plis kè kontan. Lè yon moun souri ak tout kè l, kit se yon zanmi, kit se yon moun ou pa konnen, sa ankouraje w souri tou, e sa fè w santi li gen bon santiman nan kè l. Gen yon dam ki rele Magdalena ki te di: “Georg, defen mari m, te konn souri ak tout kè l. Lè nou youn te konn gade lòt, mwen te konn santi m byen e m te konn santi m an sekirite.”

Lè yon moun souri ak tout kè l, sa montre li gen bagay ki pozitif nan li, pa egzanp, li pran plezi nan yon bagay, kè l kontan oubyen li santi l byen. Vrèmanvre, gen yon atik nan yon jounal sou Entènèt ki rele Observer, Asosyasyon pou syans sikoloji a fè, kote yo fè konnen ‘sanble souri antre nan fason lòm fèt’. Selon atik sa a, menm tibebe ki fèk fèt ka “konprann min moun avèk anpil presizyon”. Men sa atik la di ankò: “Nonsèlman moun chèche jwenn bonjan enfòmasyon lè lòt moun souri ba yo, men yo sèvi ak sa yo aprann nan pou yo konnen ki jan pou yo aji tou.a”

Kèk moun k ap fè rechèch nan inivèsite Harvard, Ozetazini, te fè yon etid sou yon gwoup pasyan ki granmoun e sou fason yo te reyaji lè yo te gade min divès doktè ak enfimyè ki t ap pran swen yo. Moun k ap fè rechèch yo di pasyan yo te santi yo pi satisfè e sante yo te amelyore ni nan domèn fizik ni nan domèn mantal lè min moun k ap pran swen yo a “te montre yo janti, yo pran ka yo, yo gen sousi pou yo e yo gen konpasyon pou yo”. Se lekontrè ki te rive lè min moun k ap pran swen yo a te fè pasyan yo pran distans avèk yo.

Epitou, lè w souri, se gendwa yon byen w fè pou tèt ou. Selon rechèch yo fè, lè w souri, sa ka fè w gen plis asirans, sa ka fè kè w plis kontan e sa ka fè w gen mwens strès. Tandiske lè w mare figi w, se lekontrè ki ka rive w.

YO TE SOURI, SA TE “REMONTE MORAL MWEN”

Magdalena, nou te site pi wo a, te yon Temwen Jewova, pandan Dezyèm Gè mondyal la, Yo te voye li menm ak lòt moun nan fanmi l nan yon kan konsantrasyon ann Almay ki te rele Ravensbrück, paske l pa t aksepte ideyoloji rejim Nazi a. Men sa l sonje ki te konn pase: “Pafwa, gad yo te konn anpeche nou pale ak lòt prizonye yo. Men, yo pa t gen kontwòl sou figi nou. Mwen te konn annik wè manman m ak sè m k ap souri, sa te konn remonte moral mwen e sa te ranfòse detèminasyon m genyen pou m kenbe fèm.”

Petèt akoz sousi lavi a, ou ka santi ou pa prèske anvi souri. Men, se pou w sonje souvan se panse ki mennen santiman (Pwovèb 15:15; Filipyen 4:8, 9). Kidonk, menmsi sa difisil, fè efò pou w konsantre sou bagay ki pozitif e ki agreyab depi sa posibb. Anpil moun te rive fè sa grasa lekti Labib ak lapriyè yo fè (Matye 5:3; Filipyen 4:6, 7). Anfèt, mo “byennere” ak “kè kontan” ak lòt ekspresyon ki sanble avèk yo parèt plizyè santèn fwa nan Bib la. Sa w panse si w ta li youn oswa de paj nan Bib la chak jou? Ou pa janm konnen, ou menm tou ou ka wè w kòmanse souri pi souvan.

Mete sou sa, pa tann se lòt moun ki souri ba ou. Pran devan pou w fè sa, pou w ka fè yon lòt moun gen yon ti kè kontan pandan jounen an. Konsidere souri w kòm sa l ye a: yon kado Bondye ba ou k ap anrichi ni ou menm ni lòt moun ki wè l yo.

a Labib sèvi ak yon langaj figire pou l dekri Bondye k ap souri. Men sa Sòm 119:135 di: “Souri bay sèvitè w la [pou w montre w apwouve l].” — Nòt.

b Gade atik ki gen tit “Vivez-vous ‘un festin constant’?” ki nan Reveye n! novanm 2013 la (Fransè).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje