Lis sijè yo
Temwen Jewova yo
MOUN YO
Leson 1-4
N ap jwenn Temwen Jewova nan 240 peyi. Yo soti nan tout ras, tout kouch sosyal e yo pa gen menm kilti. Men, ki sa k fè tout moun diferan sa yo rive ini konsa? Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?
AKTIVITE NOU
Leson 5-14
Tout moun konn travay predikasyon n ap fè a. Anplis de sa, nou reyini nan Sal Wayòm yo pou n etidye Labib e pou n adore Jewova. Ki jan reyinyon sa yo fèt e ki moun ki ka vin asiste?
ÒGANIZASYON NOU AN
Leson 15-28
Nou se yon òganizasyon relijye entènasyonal ki pap chèche fè lajan e moun ki ladan l yo ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Ki jan l fonksyone? Kiyès k ap dirije l e ki kote yo jwenn lajan pou fè l fonksyone? Èske òganizasyon sa a ap fè volonte Jewova toutbonvre jodi a?