BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 12 janvye
  • Semèn 19 janvye
  • Semèn 26 janvye
  • Semèn 2 fevriye
Ministè Wayòm nan — 2004
km 1/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 janvye

Kantik 224

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! 22 janvye. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Apre chak demonstrasyon, atire atansyon sou kèk bon pwen nan prezantasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Sajès Bondye gen yon kokenn valè. ”a Si gen tan pou sa, mande oditwa a fè kòmantè sou vèsè yo site yo.

20 min : Nou kontan resevwa piblikasyon ki fèk parèt yo ! Konvèsasyon avèk oditwa a. Nou te kontan anpil lè nou te resevwa de nouvo piblikasyon nan kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a. Bwochi “ Voyez le bon pays ” a pa menm ditou ak lòt piblikasyon nou genyen nan bibliyotèk nou. Chak de paj ki fè yon sèl prezante yon aspè diferan nan Latè pwomiz. Souliye kèk detay ki parèt nan diferan kat ki genyen yo. Bay sijesyon k ap itil sou fason nou ka sèvi ak piblikasyon sa a. Liv Écoute le grand Enseignant an pral ede pitit nou yo gen yon meyè sante espirityèl. Mansyone kèk nan sijè apwopriye nou jwenn nan liv la ki montre ki jan paran yo ak jèn yo kapab tire pwofi ladan l. Mande oditwa a fè kòmantè sou ki jan yo kapab byen itilize nouvo piblikasyon sa yo.

Kantik 186 ak priyè final.

Semèn 19 janvye

Kantik 95

5 min : Anons lokal.

10 min : Repons kesyon w yo. Diskou pou yon ansyen fè.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

15 min : “ Ki jan nou ka ede yon mari oswa yon madanm ki pa Temwen ? ”b Entèvyouwe youn oubyen de moun ki te vin sèvi Jewova akoz bèl konduit madanm yo oswa mari yo ki te aksepte laverite.

Kantik 73 ak priyè final.

Semèn 26 janvye

Kantik 158

12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa janvye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! 8 fevriye. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Nan youn nan prezantasyon yo, montre ki jan nou kapab ofri yon vwazen peryodik yo. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Mete Pawòl Bondye a an pratik nan lavi w chak jou. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Ankouraje tout moun pou yo byen sèvi ak bwochi Examinons les Écritures chaque jour—2004 la. Fè kèk kòmantè sou paj 3 ak paj 4 entwodiksyon an. Mande oditwa ki lè pèsonèlman yo twouve ki meyè moman pou yo egzamine tèks pou jounen an. Pale sou tèks pou jounen an ansanm ak kòmantè tèks la ak kongregasyon an. Mande oditwa a fè kòmantè sou fason nou kapab mete enfòmasyon yo an pratik. Ankouraje tout moun pran yon ti moman pou yo reflechi sou fason yo kapab aplike sa ki di nan tèks la chak jou lè y ap egzamine l.

18 min : Annou chèche fè zanmi ak kwayan parèy nou (Pwo. 18:24 ; 27:9). Diskou avèk patisipasyon oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 1ye desanm 2000, paj 22-3. Youn nan benediksyon nou jwenn nan vrè adorasyon an se posiblite nou genyen pou nou fè bon zanmi. Konpayi nou jwenn nan reyinyon yo, nan predikasyon ak nan lòt okazyon ankò se yon sous ankourajman ki rich. Ki jan nou ka chèche fè zanmi ak moun ki nan kongregasyon an ? Fè yon ti pale sou kare “ Six conseils pour nouer des amitiés durables ” la, epi mande oditwa a pou l fè kòmantè sou fason nou ka aplike chak pwen yo nan relasyon nou ak frè nou yo.

Kantik 177 ak priyè final.

Semèn 2 fevriye

Kantik 204

10 min : Anons lokal. Pale sou piblikasyon n ap ofri an fevriye. Repale sou prezantasyon yo bay nan paj 3 Ministè Wayòm janvye 2003 a pou nou ofri liv Approchez-vous de Jéhovah a.

20 min : “ Byen veye sou fason w ap itilize tan w. ”c Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte ki sa yo fè pou yo pa kite aktivite ki pa endispansab yo pran pye sou objektif espirityèl yo.

15 min : Imite Pòl menm jan li te imite Kris (1 Kor. 11:1). Konvèsasyon avèk oditwa a. Menm jan ak Jezi, Pòl te pwofite okazyon li jwenn pou l preche “ moun ki te vin bò kote l ”. (Travay 17:17.) Ki okazyon nou jwenn pou nou fè sa nan tèritwa nou ? Kiyès ki “ bò kote ” nou lè n al achte, lè n al travay oswa lè n al lekòl oubyen lè nou nan transpò piblik ? Kiyès nou ka kontakte lè nou lakay nou ? Mande oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè nan preche moun yo rankontre nan aktivite yo chak jou.

Kantik 151 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje