Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye mas
Li Egzòd 20:15. Ansuit, di moun nan: “Pandan anpil moun ap fè efò pou obeyi kòmandman sa a, gen kèk moun ki panse, lè yon moun nan sitiyasyon difisil, se pa yon move bagay si l vòlè oubyen si l lage kò l nan lòt pratik malonèt. Ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a egzamine kèk byenfè moun jwenn lè yo toujou onèt.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 12 la.
Réveillez-vous! Mas
“Anpil moun gen respè pou Bib la, men yo panse li pa vrèman pratik nan monn modèn sa a. Ki sa w panse? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Women 15:4.] Atik sa a esplike poukisa menm liv ki pi ansyen nan Bib la toujou gen valè.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 28 la.
Toudegad Avril-jen
“Lè yo mande moun yo kiyès yo panse ki te gen yon pi gwo enfliyans nan tout listwa, anpil moun di se Jezi. Èske se li ou t ap chwazi tou? [Kite moun nan reponn.] Moun yo di anpil bagay ki pa menm sou Jezi. Gade poukisa li enpòtan pou nou chèche konnen laverite sou li. [Li Jan 17:3.] Nimewo Toudegad espesyal sa a montre ki sa Bib la di sou Jezi ak sou ansèyman l yo.”
Reveillez-vous! Avril
“Sanble nou pa gen ase tan pou nou akonpli tout sa nou ta renmen fè. Èske w dakò ak sa? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun panse konsèy sa a vrèman itil. [Li Filipyen 1:10.] Peryodik sa a ban nou kèk sijesyon pratik ki ka ede nou byen jere tan nou.”