Èske gen yon lè ou te pyonye pèmanan?
1. Ki privilèj anpil frè ak sè te genyen, men ki sa ki nesesè pou kèk ladan yo fè?
1 Pandan ane ki pase yo, gen plizyè milye frè ak sè ki te gen privilèj pou yo ‘anseye e pou yo anonse bon nouvèl’ la antanke minis aplentan (Tra. 5:42). Sepandan, gen kèk ladan yo ki fè yon kanpe nan sèvis pyonye a pou divès rezon. Si yon lè ou te pyonye pèmanan, èske w egzamine sitiyasyon w kounye a pou w wè si w pa ta ka vin pyonye ankò?
2. Poukisa moun ki te pyonye lontan yo dwe egzamine sitiyasyon yo ye kounye a?
2 Sitiyasyon w ka chanje: Li ka rive sitiyasyon w te ye ki te fè w kite sèvis pyonye a pa la ankò. Pa egzanp, ou ka te sispann sèvis la paske w pa t ka fè 90 èdtan yo te mande pou pyonye yo fè chak mwa a. Èske w pa ka rekòmanse sèvis la ankò, piske kounye a yo diminye kantite tan an a 70? Èske kounye a ou bezwen mwens tan pou travay oubyen èske responsablite familyal ou diminye parapò ak lè w te kite sèvis la? Gen yon sè ki te kite sèvis pyonye paske li te gen pwoblèm sante, men li te reprann sèvis la lè li te gen 89 an. Li pa t nan lopital ankò pandan plis pase yon ane e li te vin santi sante l ap pèmèt li rekòmanse pyonye ankò.
3. Ki jan moun nan fanmi an ka kowopere pou yo ede youn nan yo vin pyonye?
3 Petèt, ou pa t pyonye deja, men gen yon moun nan fanmi w ki te pyonye, e li te oblije sispann sèvis la pou l ka pran swen yon moun nan fanmi an, yon paran ki aje pa egzanp (1 Tim. 5:4, 8). Si se sa, èske ou menm oubyen lòt moun nan fanmi an pa ka fè plis pou nou ede moun ki sispann sèvis la? Poukisa nou pa pale sou sa ansanm (Pwo. 15:22)? Lè moun nan fanmi an kowopere pou youn nan yo ka pyonye, tout moun ka di yo bay patisipasyon pa yo pou ankouraje sèvis pyonye nan fanmi an.
4. Bon, e si w pa ka rekòmanse nan sèvis pyonye kounye a, ki sa w ka fè?
4 Pinga w dekouraje si sitiyasyon w ye kounye a pa pèmèt ou rekòmanse nan sèvis la. Dezi w genyen pou reprann sèvis la fè Jewova plezi (2 Kor. 8:12). Sèvi ak eksperyans ou te genyen lè w te pyonye a nan ministè w kounye a. Priye Jewova sou dezi w genyen pou w retounen pyonye ankò. Epi veye tout opòtinite w jwenn pou w fè ajisteman nan sitiyasyon w (1 Jan 5:14). Petèt, avèk letan, Jewova ap ouvri “yon gwo pòt ki mennen nan aktivite” pou ou dekwa pou w ka retounen jwenn lajwa ki genyen lè yon moun pyonye pèmanan. — 1 Kor. 16:9.