BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 mas p. 2
  • Byen akeyi envite nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen akeyi envite nou yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Byen akeyi yo!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Moun ki vini yo pral jwenn yon kokenn temwayaj
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki vin asiste Memoryal la ?
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Byen akeyi yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 mas p. 2

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Byen akeyi envite nou yo

Jou k ap 23 mas la, gen anviwon 12 milyon moun oswa plis toujou nan moun nou envite yo k ap vin asiste Memoryal la avèk nou. Sandout, yo pral resevwa yon gwo temwayaj lè oratè yo pral pale sou kado Jewova ban nou ki se ranson an e sou kèk benediksyon ranson an ap pote pou limanite (Eza 11:6-9; 35:5, 6; 65:21-23; Jan 3:16)! Sepandan, se pa oratè yo sèlman ki pral bay temwayaj nan okazyon espesyal sa a. Nou chak ka montre jan nou kontan akeyi envite nou yo ak tout kè nou (Wm 15:7). Men kèk konsèy k ap ede w fè sa:

Yon Temwen Jewova k ap akeyi yon moun yo te envite nan Memoryal la; yon Temwen Jewova k ap suiv ak moun ki vin asiste Memoryal la
  • Olye w annik al chita epi w ret tann yo kòmanse pwogram nan, byen akeyi moun ki vin asiste yo ak moun ki inaktif yo; pou rezon sa a, ou bezwen souri ba yo ak tout kè w e w bezwen salye yo tankou se te zanmi w

  • Toutpandan w ap bay moun ou konnen ou te envite yo yon atansyon espesyal, bay lòt moun yo te envite pandan kanpay la ki vin asiste atansyon. Envite kèk moun ki nouvo chita bò kote w. Suiv nan Bib ou avèk yo epi chante kantik yo avèk yo

  • Apre diskou a, mete w disponib pou w reponn kesyon yon moun ka genyen. Si w pa gen ase tan, paske kongregasyon w dwe kite plas la pou yon lòt kongregasyon, fè aranjman pou w al vizite moun nan nan kèk jou. Si w pa gen enfòmasyon pou w kontakte l, ou ka di l: “Mwen ta renmen tande sa w panse de pwogram nan. Èske gen yon mwayen pou m kontakte w?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje