BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 23 p. 157-p. 159 par. 4
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare yon diskou piblik
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 23 p. 157-p. 159 par. 4

LESON 23

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Ki sa pou w fè?

Ede moun k ap koute w yo wè ki jan sijè w la konsène lavi yo oswa ki jan yo ka aplike l yon fason pou yo ka jwenn byenfè.

Poukisa sa enpòtan?

Si moun yo pa wè ki jan sa w ap di yo a ka itil yo, yo ka di w yo pa enterese oswa yo ka kite lespri yo al byen lwen.

KIT w ap pale ak yon sèl moun, kit w ap pale ak yon pakèt moun, li pa saj pou w panse moun k ap koute w la (oswa moun k ap koute w yo) ap enterese ak sijè w la senpleman paske ou menm ou enterese ladan l. Sa w ap di yo enpòtan, men si w pa montre moun yo aklè ki jan yo ka itil yo, petèt ou pap rive kapte atansyon yo pou lontan.

Menmsi moun k ap koute w yo se nan Sal Wayòm nan yo ye, sa kapab rive tou. Yo ka koute w lè w bay yon egzanp oswa lè w rakonte yon eksperyans yo pa t tande anvan. Men, yo ka sispann koute w lè w ap pale sou bagay yo konnen deja, sitou si w pa fè kèk bon kòmantè sou bagay sa yo. Ou bezwen ede yo wè poukisa sa w ap di yo enpòtan pou yo toutbonvre e ki jan sa ap fè yo jwenn bonjan byenfè.

Bib la ankouraje nou pou nou reflechi sou fason nou ka aplike sa nou aprann yo (Pwo. 3:21). Jewova te sèvi ak Jan ki t ap batize moun nan pou l dirije pèp la pou yo “vin gen sajès pratik moun ki jis yo genyen”. (Lik 1:17.) Sajès sa a se yon sajès ki anrasinen nan bonjan krent yon moun genyen pou Jewova (Sòm 111:10). Moun ki bay sajès sa a enpòtans byen reyisi lavi yo jodi a e yo kenbe lavi toutbon an fèm, lavi ki pap janm fini k ap vini an. — 1 Tim. 4:8; 6:19.

Fè yon diskou k ap itil moun yo. Pou diskou w la itil moun yo, ou dwe byen reflechi nonsèlman sou enfòmasyon yo, men tou, sou moun k ap koute w yo. Pa annik reflechi sou moun yo antanke gwoup. Pami moun sa yo, genyen ki poukont yo e genyen se fanmi yo ye. Ka gen timoun, adolesan, granmoun ak kèk moun ki aje. Ka gen moun ki nouvo ak moun ki kòmanse sèvi Jewova lontan anvan w te fèt. Gen moun ki gen matirite nan domèn espirityèl, gen lòt ki ka kite atitid moun nan monn nan ak konduit yo enfliyanse yo toujou. Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka fè pou enfòmasyon m pral egzamine yo itil moun k ap koute m yo? Ki jan m ka ede yo konprann sa m ap egzamine yo?’ Ou ka chwazi konsantre w sou youn oswa de nan kategori moun nou sot site yo. Men, pa bliye lòt kategori yo nèt.

Ki sa pou w fè si yo ba w fè yon diskou ki pale sou yon ansèyman fondamantal ki gen nan Bib la? Ki jan w ka fè yon diskou konsa itil moun ki deja kwè nan ansèyman sa a? Chèche ranfòse kwayans sa a yo deja genyen an. Ki jan w ka fè sa? Lè w rezone sou prèv nou jwenn nan Bib la ki soutni ansèyman sa a. Ou ka fè yo gen plis apresyasyon tou pou ansèyman sa a nou jwenn nan Bib la. Ou ka fè sa lè w montre yo ki jan ansèyman sa a ann amoni ak lòt verite ki nan Bib la e ki jan l ann amoni tou ak pèsonalite Jewova. Bay kèk egzanp, petèt kèk eksperyans ki baze sou sa ki te rive toutbon nan lavi kèk moun, ki montre lefètke yo te konprann ansèyman sa a, ki byen sa te pote pou yo e ki jan sa te enfliyanse pwennvi yo sou lavni.

Pou w fè aplikasyon pou moun yo, ou pa ta dwe annik di kèk ti pawòl tou kout nan konklizyon diskou a. Depi nan kòmansman diskou a, chak moun pami moun k ap koute w yo ta dwe santi pwen w ap devlope yo konsène yo. Lè w fin poze baz sa a, kontinye fè aplikasyon k ap itil moun yo ofiramezi w ap devlope chak pwen prensipal yo pou w rive jis nan fen diskou a.

Lè w ap fè aplikasyon, asire w ou fè sa yon fason ki ann amoni ak prensip biblik yo. Ki sa sa vle di? Sa vle di ou dwe fè sa yon fason ki demontre ou renmen moun yo e w mete w nan plas yo (1 Pyè 3:8; 1 Jan 4:8). Menm lè apot Pòl t ap rankontre pwoblèm nan Tesalonik, li te asire l li mete aksan sou aspè pozitif nan pwogrè frè ak sè ki nan zòn sa a te fè nan domèn espirityèl. Anrapò ak sa l t ap di yo a, li te demontre tou li gen konfyans yo t ap dispoze fè sa ki dwat (1 Tes. 4:1-12). Sa se yon bèl egzanp pou nou imite!

Èske objektif diskou w la se motive moun yo pou yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la ak travay fè disip la? Ede moun yo pou yo plis chofe pou yo patisipe nan travay sa a e pou yo plis apresye privilèj sa a. Men, pandan w ap fè sa, ou dwe sonje tout moun pa ka patisipe nan travay sa a nan menm degre, e Bib la pale sou sa (Mat. 13:23). Pa fè frè yo santi yo koupab. Ebre 10:24 egzòte nou pou “youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. Si nou pouse yo gen lanmou, y ap fè aksyon ki baze sou bon mobil yo genyen. Olye nou chèche fòse yo pou yo tout fè menm jan, annou rekonèt sa Jewova vle nou fè se ankouraje yo ‘pou yo demontre lafwa yo e pou yo obeyi l’. (Wom. 16:26.) Lè nou gen sa nan lespri nou, n ap chèche fòtifye ni lafwa pa nou ni lafwa frè nou yo.

Ede yo wè ki jan sa w di yo ap itil yo. Lè w ap bay lòt moun temwayaj, pa bliye montre yo ki jan bon nouvèl la ap itil yo. Pou w fè sa, sa mande pou w pran an konsiderasyon sa ki okipe lespri moun ki nan tèritwa w yo. Ki jan w ka konnen sa k okipe lespri yo? Koute nouvèl y ap bay nan radyo oswa nan televizyon. Gade premye paj nan jounal yo. Epitou, fè efò pou w ankouraje moun yo pale e koute yo lè y ap pale. Ou ka wè y ap goumen ak yon seri pwoblèm y ap rankontre tankou yo pèdi travay yo, yo bezwen peye kay, yo malad, yon manm fanmi yo mouri, y ap fè fas ak ensekirite, moun ki gen otorite fè yo enjistis, maryaj yo kraze, yo pa gen kontwòl sou timoun yo, elatriye. Èske Labib ka ede yo? Wi, pa gen dout nan sa.

Lè w ap kòmanse yon konvèsasyon avèk yon moun, sandout ou gen yon sijè nan lespri w. Men, si moun nan montre gen yon lòt bagay ki enterese l kounye a, pa ezite pale avè l sou li pito, si w anmezi pou w fè sa, oswa ofri l pou w retounen pote kèk enfòmasyon k ap itil li. Natirèlman, nou evite ‘mele nan sa k pa gade nou’, men nou kontan fè moun yo jwenn konsèy Bib la bay ki la pou ede yo (2 Tes. 3:11). Li klè, konsèy k ap pi grave nan lespri moun yo, se konsèy Bib la bay ki gen rapò ak lavi pa yo.

Si yon moun pa ka wè ki rapò mesaj nou an genyen ak lavi l, li ka sispann konvèsasyon n ap fè avèk li a menm kote a. Menmsi l kite nou pale, si nou pa montre l ki jan sijè n ap pale avèk li a ka itil li, mesaj nou an ka pa gen twòp efè sou lavi l. Men, si nou montre l ki jan mesaj nou an ap itil li, konvèsasyon nou fè avèk li a ka fè yon gwo chanjman fèt nan lavi l.

Lè w ap fè etid biblik ak moun yo, kontinye mete aksan sou pwen k ap itil yo (Pwo. 4:7). Ede etidyan w yo konprann konsèy, prensip ak egzanp ki soti nan Bib la ki montre yo jan pou yo mache nan chemen Jewova yo. Mete aksan sou byenfè y ap jwenn si yo fè sa (Iza. 48:17, 18). Sa ap pouse yo fè chanjman ki nesesè nan lavi yo. Ede yo pou yo vin renmen Jewova, pou yo anvi fè l plezi e pou yo deside poukont yo pou yo aplike konsèy ki soti nan Pawòl li a.

FASON POU W FÈ SA

  • Lè w ap prepare yon diskou, nonsèlman ou bezwen reflechi sou enfòmasyon yo, men tou, ou bezwen reflechi sou moun k ap koute w yo. Prezante enfòmasyon yo yon fason k ap vrèman itil yo.

  • Pa kite se lè w rive nan konklizyon diskou a pou w fè aplikasyon k ap itil moun yo. Ou dwe fè sa pandan tout diskou a.

  • Lè w ap prepare w pou w al nan predikasyon, egzamine ki sa ki okipe lespri moun ki nan tèritwa w la.

  • Lè w ap preche yon moun, byen koute l, epi adapte sa w ap di yo avè l.

EGZÈSIS: Egzamine kèk Ministè Wayòm ou genyen, chwazi youn oswa de nan prezantasyon yo bay, ou santi k ap itil moun ki nan tèritwa w la anpil. Itilize prezantasyon yo lè w ap preche.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje