LESON 26
Devlope ide yo yon fason ki lojik
ANVAN pou w òganize enfòmasyon yo yon fason ki lojik, ou bezwen gen yon objektif. Èske objektif ou se tou senpleman pou w enfòme lòt moun sou yon sijè presi, pa egzanp, yon kwayans, yon kalite, yon konduit oswa yon bon fason pou moun viv? Èske se montre w vle montre w dakò ak yon ide oswa w vle montre w pa dakò avè l? Èske objektif ou se ede moun yo gen plis apresyasyon pou yon bagay oswa pouse yo aji? Kit w ap prezante enfòmasyon yo devan yon sèl moun, kit w ap prezante yo devan plis moun, pou w fè sa byen, ou bezwen egzamine ki sa yo deja konnen sou sijè a e ki atitid yo parapò ak li. Apre w fin fè sa, òganize enfòmasyon yo yon fason k ap pèmèt ou atenn objektif ou genyen an.
Anrapò ak predikasyon Sòl (Pòl) te fè nan Damas, Travay 9:22 fè nou konnen li “te fè Juif ki te abite Damas yo fèmen bouch yo, lè l t ap pwouve avèk lojik se Jezi ki Kris la”. Ki sa k te gen nan prèv li te bay yo, yon seri prèv ki te lojik? Jan yo montre sa nan istwa sou predikasyon Pòl te fè annapre nan Antyòch ak nan Tesalonik, toudabò, piske Pòl te konnen Juif yo te aksepte Liv ki te ekri ann ebre yo e yo te di yo kwè nan sa liv sa yo di sou Mesi a, li te chita sou sa pou l fè rezònman l lan. Apre sa, nan liv sa yo, Pòl te chwazi kèk pòsyon ki te pale sou lavi Mesi a ak travay predikasyon Mesi a te fè a. Li te site sa pòsyon sa yo te di e li te konpare yo ak evènman ki te rive ki te gen rapò ak Jezi. Finalman, li te montre Jezi se Kris la, Mesi a (Tra. 13:16-41; 17:2, 3). Si ou menm tou, ou prezante verite ki nan Bib la yon fason ki lojik, sa ka konvenk lòt moun.
Òganize ide w ap prezante yo. Nou ka òganize ide yo divès fason ki lojik. Si w jije sa bon, ou ka mete plizyè metòd ansanm. Annou egzamine kèk nan metòd sa yo.
Aranjman selon tèm sijè a. Sa mande pou w òganize ide yo an plizyè pati, chak pati la pou ede w atenn objektif ou genyen an. Pati sa yo se kapab ide prensipal ki enpòtan pou moun konprann sijè w la. Se kapab yon seri pwen byen presi ki kore yon bagay oswa ki demanti yon bagay. Gen kèk pwen, menmsi yo gen rapò ak sijè a, ou ta ka ajoute lòt ide sou yo oswa ou ta ka retire ladan yo, selon moun w ap pale avèk yo a oubyen selon objektif ou.
Annou konsidere yon egzanp sou aranjman selon tèm sijè a. Yon sijè tou kout ou pral devlope sou non Bondye ka gen ladan l: 1) rezon ki fè li enpòtan pou nou konnen non Bondye, 2) ki non Bondye e 3) fason nou ka onore non sa a.
Ou ka aprann anpil bagay sou aranjman selon tèm sijè a lè w egzamine piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” prepare pou w itilize pou w etidye Labib avèk moun yo (Mat. 24:45). An jeneral, piblikasyon sa yo gen yon pakèt sijè ladan yo ki ka ede etidyan yo gen yon ide jeneral sou verite fondamantal ki nan Bib la. Gen piblikasyon ki divize chak chapit an plizyè soutit. Chak sijè prepare etidyan yo pou sijè k ap vin apre a e li jwe yon wòl nan ede yo konprann ansèyman ki gen nan tout liv la nèt ofiramezi.
Koz ak konsekans. Yon lòt metòd k ap pèmèt ou prezante enfòmasyon yo yon fason ki lojik se lè w rezone sou koz ak konsekans yon aksyon.
Si w ap pale ak yon gwoup moun oswa ak kèk moun ki bezwen pi byen egzamine konsekans yon aksyon y ap fè oswa yo gen entansyon fè, metòd sa a ka trè itil. Pwovèb chapit 7 bay yon bèl egzanp nan sans sa a. Li dekri yon fason vivan jan yon jèn gason ki te “manke bonsans” (koz la) te gen rapò ak yon pwostitye e li te jwenn pwoblèm (konsekans lan). — Pwo. 7:7.
Pou w mete plis aksan sou yon pwen konsa, ou ka fè diferans ant move rezilta moun jwenn lè yo pa mache nan chemen Jewova yo ak bon rezilta moun ki koute Jewova yo jwenn. Anba enspirasyon lespri Jewova, Moyiz te fè yon diferans konsa lè l t ap pale ak nasyon Izrayèl la anvan yo te antre nan Latè pwomiz. — Det., chap. 28.
Nan kèk ka, li pi bon, depi lè w ap kòmanse pale sou sijè w ap pale a, pou w dekri yon sitiyasyon (konsekans lan) epi apre sa, pou w prezante prèv ki montre ki sa (koz la) ki mennen nan sitiyasyon sa a. Souvan, sa gen rapò ak yon metòd ki rele pwoblèm ak solisyon.
Pwoblèm ak solisyon. Nan predikasyon, lè w ap pale sou yon pwoblèm ki okipe lespri yon moun e w montre l yon solisyon k ap bon pou li, sa ka ankouraje l koute w. Se kapab ou menm ki soulve pwoblèm nan oswa se kapab lòt moun nan.
Ann sipoze pwoblèm k ap trakase lespri moun nan se vyeyès ak lanmò, krim ki gaye tout kote oswa pakèt enjistis ki genyen. Ou pa bezwen pale anpil pou moun nan wè pwoblèm nan, paske se pwoblèm tout moun konnen. Annik fè yon ti pale sou pwoblèm nan epi apre sa, montre solisyon Bib la bay.
Yon lòt bò, pwoblèm nan ka yon ti jan pèsonèl. Se kapab pwoblèm yon paran k ap leve pitit li poukont li ap rankontre, dekourajman yon moun santi akoz yon gwo maladi, oswa eprèv yon moun jwenn paske l ap sibi move tretman anba men yon lòt moun. Pou w pi byen ede moun nan, toudabò, ou dwe byen koute l. Labib bay bonjan enfòmasyon konsènan tout pwoblèm sa yo. Men, ou dwe byen sèvi ak enfòmasyon sa yo. Pou konvèsasyon w lan ka vrèman pote byenfè pou moun nan, ou bezwen ede l wè bagay yo jan yo ye a. Montre l byen klè si w ap pale de yon solisyon k ap dire, yon soulajman ki kout, oswa si tou senpleman w ap pale sou fason pou l andire sitiyasyon li ye a ki pap chanje nan sistèm sa a. Sa vle di, ou dwe asire w rezònman ou fè avè l sou Bib la byen kore solisyon ou montre l la. Sinon, solisyon ou montre l la ka pa sanble yon solisyon ki lojik ditou pou li.
Prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a. Gen enfòmasyon ki plis ba w posiblite pou w prezante yo selon lòd evènman yo te pase. Pa egzanp, nan liv Egzòd la, yo prezante dis flewo yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a. Nan Ebre chapit 11, apot Pòl fè yon lis gason ak fi ki te gen yon lafwa vrèman solid, li site yo youn apre lòt nan lòd yo te pase sou tè a.
Si w ap rakonte kèk evènman ki te pase nan lòd yo te rive yo, sa ka ede moun k ap koute w yo konprann ki fason yon seri sitiyasyon te vin devlope. Sa valab ni pou evènman ki rive nan epòk pa nou an ni pou evènman ki te rive nan tan biblik yo. Ou ka itilize ni metòd prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a ni metòd koz ak konsekans lan ansanm. Si w ap fè yon plan kote w pral pale de evènman Labib di ki pral rive talè konsa yo, moun k ap koute w yo ap ka suiv enfòmasyon yo pi fasil e y ap ka sonje yo, si w prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo gen pou yo rive a.
Lè w ap sèvi ak metòd prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a, sa pa vle di ou dwe toujou kòmanse ak premye evènman an. Nan kèk ka, li pi bon lè w ap rakonte yon istwa, pou w kòmanse ak yon evènman k ap kapte atansyon moun. Pa egzanp, lè w ap rakonte yon eksperyans, ou ka chwazi pale sou yon sitiyasyon kote yon moun te jwenn eprèv akoz entegrite l. Yonfwa w fin itilize pati sa a pou w fè moun yo enterese nan istwa a, ou ka rakonte evènman ki te mennen nan sitiyasyon sa a youn apre lòt nan lòd yo te pase yo.
Itilize sèlman enfòmasyon ki vrèman enpòtan yo. Kèlkeswa fason w òganize ide w yo, veye pou w itilize sèlman enfòmasyon ki vrèman enpòtan yo. Tèm diskou w la ta dwe ede w chwazi enfòmasyon w ap itilize yo. Ou ta dwe panse tou ak ki moun ki pral koute diskou a. Yon pwen gendwa trèzenpòtan pou yon gwoup moun, alòske li pa nesesè pou yon lòt gwoup moun. Ou dwe asire w tout enfòmasyon w pral prezante yo ap ede w atenn objektif ou genyen an. Si w pa fè sa, petèt diskou w la ka enteresan, men li pap gen efè li ta dwe genyen sou moun yo.
Lè w ap fè rechèch, ou ka jwenn yon pakèt enfòmasyon enteresan sou sijè w ap egzamine a. Ki kantite ou ta dwe itilize ladan yo? Si w toufe moun k ap koute w yo ak twòp enfòmasyon, sa ka anpeche w atenn objektif ou genyen an. Li pi fasil pou moun yo sonje kèk ide prensipal ki byen devlope pase pou yo sonje yon bann ide ou devlope byen vit san pran souf. Sa pa vle di ou pa dwe janm mete kèk detay enteresan nan yon sijè w ap devlope. Men, pa kite yo vin nui objektif ou genyen an. Gade nan Bib la pou w wè jan yo mete kèk detay konsa nan Mak 7:3, 4 ak nan Jan 4:1-3, 7-9, e detay sa yo byen chita nan vèsè yo.
Lè w ap soti nan yon pwen pou w al nan yon lòt, veye pou w pa fè sa bridsoukou pou moun k ap koute w yo pa pèdi nan ide w ap devlope yo. Pou ide yo ka byen makònen youn ak lòt, ou ka bezwen fè yon pon pou w konekte ide yo lè w ap soti nan youn pou w al nan yon lòt. Pon sa a gendwa se yon ekspresyon oswa yon fraz k ap montre rapò ki genyen ant ide yo. Nan anpil lang, yo ka itilize kèk mo tou senp oswa kèk ekspresyon tou senp pou yo montre rapò yon ide genyen ak ide ki te vin anvan l lan.
Si w itilize sèlman enfòmasyon ki vrèman enpòtan e w ranje yo yon fason ki lojik, sa ap ede w atenn objektif ou.