LESON 35
Repete kèk pwen pou w ka mete aksan sou yo
POU yon moun byen anseye lòt moun, sa mande pou l repete yon seri pwen. Lè yon oratè repete yon pwen plizyè fwa, li pi fasil pou moun ki nan asistans lan sonje pwen sa a. Si l repete ide a yon fason ki yon ti jan diferan, moun yo ka menm rive konprann li pi byen toujou.
Si moun k ap koute w yo pa sonje sa w di yo, pawòl ou yo pap gen efè ni sou sa yo kwè, ni sou konduit yo. Men, si w mete aksan espesyalman sou yon seri pwen, petèt y ap kontinye reflechi sou pwen sa yo.
Jewova, Gran Pwofesè nou an, ban nou egzanp nan kesyon fè repetisyon an. Li te bay nasyon Izrayèl la Dis Kòmandman. Li te sèvi ak yon zanj kòm pòtpawòl li pou l te fè nasyon Izrayèl la tande kòmandman sa yo nan mòn Sinayi. Annapre, li te ekri yo bay Moyiz (Egz. 20:1-17; 31:18; Det. 5:22). Sou lòd Jewova, Moyiz te repete kòmandman sa yo pou nasyon an anvan nasyon an te antre nan Latè pwomiz, e grasa lespri sen, Moyiz te kopye yo, jan yo parèt nan Detewonòm 5:6-21 an. Pami kòmandman yo te bay pèp Izrayèl la, gen kòmandman kote yo te mande yo pou yo renmen Jewova e pou yo sèvi l ak tout kè yo, ak tout nanm yo e ak tout fòs yo. Yo te repete kòmandman sa a pou yo tou yon pakèt fwa (Det. 6:5; 10:12; 11:13; 30:6). Poukisa? Paske, jan Jezi te di sa, se te “pi gwo kòmandman an e se [te] premye a”. (Mat. 22:34-38.) Jewova te sèvi ak pwofèt Jeremi pou l fè moun nan Jida yo sonje plis pase 20 fwa li te enpòtan anpil pou yo obeyi l e pou yo te fè tout sa li te mande yo fè (Jer. 7:23; 11:4; 12:17; 19:15). E Bondye te sèvi ak Ezekyèl pou l di plis pase 60 fwa nasyon yo ‘ap oblije konnen li se Jewova’. — Eze. 6:10; 38:23.
Nan sa nou li nan Bib la sou travay predikasyon Jezi te fè a, nou wè Jezi te byen sèvi ak repetisyon tou. Pa egzanp, si nou pran kat Evanjil yo, nou ka wè de ladan yo oswa plis toujou rakonte yon evènman enpòtan, men, yo rakonte evènman sa a sou yon fòm ki yon ti jan diferan. Nan ansèyman Jezi te bay, li te konn pale plizyè fwa sou yon pwen ki enpòtan, men, chak fwa, li te fè sa yon fason ki diferan (Mak 9:34-37; 10:35-45; Jan 13:2-17). Pandan Jezi te sou mòn Oliv, kèk jou anvan l te mouri, li te sèvi ak repetisyon pou l te mete aksan sou yon konsèy trèzenpòtan li te bay: “Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini.” — Mat. 24:42; 25:13.
Lè w nan predikasyon. Lè w ap preche lòt moun, ou atann pou yo sonje sa w di yo. Si w byen repete pwen enpòtan yo, sa ka ede w atenn objektif sa a.
Souvan, lè w repete yon pwen tousuit, sa ap ede w grave pwen sa a nan lespri moun w ap pale avè l la. Se sa k fè, lè w fin li yon vèsè, ou ka mete aksan sou li lè w pran yon pati enpòtan ladan l epi w mande moun nan: “Èske w wè ki mo yo itilize nan vèsè sa a?”
Dènye pawòl ou di nan yon konvèsasyon ka ede w tou pou w grave yon pwen enpòtan nan lespri yon moun. Pa egzanp, ou ka di l: “Men ki pwen enpòtan m ta renmen w sonje nan konvèsasyon nou an...” Apre sa, annik repete pwen an pou li. Petèt, pwen sa a se kapab: “Objektif Bondye se pou tè a tounen yon paradi. Nou mèt gen asirans objektif sa a ap reyalize kanmenm.” Oswa se kapab: “Labib montre byen klè n ap viv nan dènye jou sistèm sa a. Pou nou chape lè sistèm sa a ap detwi a, nou bezwen aprann sa Bondye vle nou fè.” Oubyen ankò: “Jan nou sot wè sa, Bib la bay bon konsèy sou fason fanmi yo ka fè fas ak pwoblèm yo genyen.” Nan kèk ka, ou ka annik repete pawòl yon vèsè di kòm pwen moun nan bezwen sonje. Nòmalman, pou w byen fè sa, ou bezwen reflechi alavans.
Nan vizit w ap fè e nan etid biblik w ap fè, ou ka repete pwen enpòtan yo lè w poze kesyon revizyon.
Lè l difisil pou yon etidyan konprann yon konsèy Bib la bay oswa pou l aplike l, li ka nesesè pou w abòde sijè a avè l plizyè fwa. Nan ka sa yo, fè efò pou w abòde l plizyè fason diferan. Konvèsasyon w ap fè avè l yo pa oblije long, men yo dwe ankouraje l pou l kontinye reflechi sou kesyon an. Sonje, Jezi te sèvi ak fòm repetisyon sa a pou l ede disip li yo venk tandans yo te genyen pou yo chèche pran premye plas. — Mat. 18:1-6; 20:20-28; Lik 22:24-27.
Lè w ap fè yon diskou. Si w ap fè yon diskou sou estrad la, objektif ou se pa pou w annik prezante ide yo. Ou bezwen pou moun k ap koute w yo konprann yo, pou yo sonje yo epi pou yo aplike yo. Pou w rive fè sa, byen repete yo.
Men, si w repete pwen prensipal yo twò souvan, moun ki nan asistans lan ka sispann konsantre sou sa w ap di a. Byen chwazi sitou pwen ki merite pou w mete aksan sou yo. An jeneral, pwen sa yo se pwen prensipal yo, se yo menm ki baz diskou a, men tou, ka gen lòt ide ki gen yon enpòtans espesyal pou moun k ap koute w yo.
Pou w byen repete pwen prensipal yo, toudabò, ou ka pale de yo nan entwodiksyon diskou a. Lè w ap fè sa, itilize fraz ki kout, fraz k ap bay yon ide jeneral sou sijè w pral egzamine a. Itilize kesyon oswa itilize kèk egzanp senp k ap prezante kèk pwoblèm moun yo pral jwenn solisyon yo nan sijè a. Ou ka di konbyen pwen prensipal ki genyen e w ka site yo chak nan lòd yo ye nan plan an. Ansuit, devlope chak pwen sa yo nan diskou a. Ou ka mete aksan plis toujou sou chak pwen prensipal yo nan devlopman diskou a, lè w repete chak pwen anvan w al nan pwen ki vin apre l la. Oswa ou ka sèvi ak yon egzanp ki kore pwen prensipal la. Ou ka mete aksan ankò sou pwen prensipal yo lè w repete yo nan konklizyon diskou a, lè w itilize ide ki kontrè ak pwen sa yo, lè w reponn kesyon ki te poze yo oswa lè w bay solisyon rapidman pou pwoblèm ki te poze yo.
Anplis sa nou sot di la yo, yon oratè ki gen eksperyans byen suiv moun k ap koute l yo. Si gen yon ide ki difisil pou kèk ladan yo konprann, li wè sa. Si se yon pwen ki enpòtan, li repale sou li. Men, li gendwa pa rive atenn objektif li si l annik repete menm mo yo. Pou yon moun byen anseye lòt moun, sa mande plis pase sa. Li dwe gen kapasite pou l adapte l, petèt li ka bezwen ajoute kèk pwen li pa t tou prepare pou diskou a. Si w aprann satisfè bezwen moun k ap koute w yo genyen nan domèn sa a, sa ap montre w ap travay anpil pou w vin yon bon anseyan.