Jou asanble espesyal k ap vini an
Pwogram jou asanble espesyal la, k ap kòmanse apati septanm 1999, gen tèm sa a : “ Annou fouye bagay pwofon Bondye yo. ” (1 Korentyen 2:10.) Ki bagay enpòtan nou pral aprann nan asanble sa a ?
Anpil moun ap chèche konesans, men sa yo jwenn yo pa edifye yo. Men Bib la reban nou fòs, se sa siveyan sikonskripsyon an pral montre nan diskou : “ Fouye Pawòl pwofon Bondye a fè nou jwenn rekonfò. ” Oratè vizitè a pral montre rapò ki genyen ant fè rechèch anndan bagay pwofon Bondye yo ak preche bon nouvèl la nan diskou : “ Ki jan ou konsidere predikasyon Wayòm nan ? ”
Ki jan paran yo kapab ede timoun yo pou yo fouye Pawòl Bondye a ? Diskou “ Antre Pawòl Bondye a nan tèt timoun ou yo ” pral bay sijesyon pratik sou sa. Lè jèn kretyen yo fè zanmi ak moun ki gen matirite espirityèl nan kongregasyon an, sa gen yon bon enfliyans sou yo. Yo pral chita sou kèk egzanp ki montre bon enfliyans jèn yo benefisye nan diskou “ Jèn ki aprann nan men granmoun. ”
Jewova se yon Revelatè sekrè. Poukisa nou dwe chèche ak anpil dilijans trezò espirityèl ki kache nan epòk nou an ? Oratè vizitè a pral eksplike ki sa Jewova te revele nan tan lontan ak ki sa li revele nan epòk nou an nan diskou : “ Jewova revele bagay pwofon yo ofiramezi. ” Sa pral ranfòse rezolisyon nou pou nou kontinye ‘ fouye anndan bagay pwofon Bondye yo. ’
Planifye depi kounye a pou n asiste asanble sa a. Moun ki swete batize pou senbolize ve yo te fè Jewova dwe di siveyan prezidan an sa san pèdi tan. Sa nou pral tande nan asanble sa a ap fè nou gen plis anvi toujou pou nou fouye Pawòl Bondye a. Piske se konsa, pa rate enstriksyon espirityèl k ap genyen nan jou asanble espesyal sa a.