Yon okazyon espesyal pou youn ankouraje lòt
1 Sèvitè Jewova yo pa fè yon jou san lafwa yo pa pase anba eprèv. Piske Dyab la konnen se yon peryòd tan tou kout li rete, l ap fè yon dènye atak pou l ka kraze fidelite nou genyen pou Jewova (Rev. 12:12). Kidonk, se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou ‘ kontinye pran fòs ki soti nan pisans Seyè a ’ yon fason “ pou n ka reziste anba jou mechanste yo epi, apre nou fin fè tout bagay sa yo nèt, pou n ka kenbe fèm. ” — Efe. 6:10, 13.
2 Youn nan dispozisyon Jewova pran pou ban nou fòs, se reyini avèk moun ki kwayan menm jan avèk nou. Apot Pòl te bay sa anpil enpòtans. Li te swaf pou l ansanm ak kretyen parèy li yo, yon fason ‘ pou youn te kapab ankouraje lòt, ’ yon fason pou yo te ka vin “ fèm ”. (Wom. 1:11, 12, Bib la.) Pou nou kapab jwenn fòs nou bezwen pou n fè volonte Bondye, Kolèj santral la, ki renmen nou, ban nou yon okazyon pou youn ankouraje lòt. Okazyon sa a se kongrè distri k ap vini an ki gen tèm “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”.
3 Pou n ka tire pwofi, nou dwe la : Fikse objektif pou nou la toule twa jou yo. N ap byen pwofite si nou rive anvan yo chante premye kantik la, si nou rete jiskaske nou di “ Amèn ” ak tout kè nou nan priyè final la (Iza. 48: 17, 18). Anpil moun k ap travay pral bezwen ranje pwogram yo alavans, yon fason pou yo ka jwenn tan pou yo asiste toule twa jou kongrè a. Nou dwe rekonèt li ka pa fasil pou patwon nou ban nou konje, men nou gen asirans Jewova ap ede nou nan domèn sa a, yon fason pou n ka fè volonte l (1 Jan 5:14, 15). Si nou pa t ko planifye ki jan n ap vwayaje pou n ale nan kongrè a e ki kote n ap rete, se moman pou nou fè sa. Annou pa kite anyen fèt paraza. Nou mèt sèten Jewova ap beni efò n ap fè pou nou la toule twa jou yo. — Pwo. 10:22.
4 Prepare nou pou n al pran ankourajman : Sa pa konn rive, lè nou fin asiste yon kongrè distri pou nou di : “ Sa a, se pi bèl kongrè mwen asiste nan vi m ” ? Ki sa k fè nou konn gen enpresyon sa a ? Kòm nou pa san fay, nou kapab tikras pa tikras kòmanse santi moral nou ba, e nou vin bezwen ankourajman nan domèn espirityèl (Iza. 40:30). Men ki sa yon sè di : “ Sistèm sa a desann moral mwen, alòske kongrè yo, yo menm, yo reyajiste vizyon espirityèl mwen. Yo ban m elan mwen bezwen nan domèn espirityèl. Se tankou m ta di w mwen jwenn yon ankourajman nan moman mwen te pi bezwen sa. ” Nou menm tou, nou konn santi nou menm jan an, pa vre ?
5 Se pa diskou ak entèvyou yo sèlman ki ban nou ankourajman. Gen lòt aspè enpòtan nan kongrè yo ki fè sa tou. Men ki sa yon frè di : “ Sa mwen plis apresye, se jan yo demontre aplikasyon prensip biblik yo byen klè e yon fason ki pratik. Natirèlman, dram yo jwe yon gwo wòl nan fason yo montre nou jan nou ka pran leson sou sa k te pase, kit se nan bon egzanp, kit se nan move egzanp. Se avèk anpil kè kontan mwen toujou ap tann piblikasyon ki fèk parèt yo e kontantman sa a la lontan apre m fin tounen lakay mwen. ”
6 Kongrè yo se yon dispozisyon enpòtan Jewova pran pou ban nou fòs nan “ tan makawon ” sa yo (2 Tim. 3:1). Yo ede nou panche zòrèy nou pou nou koute konsèy sa a kote Bib la di : “ Rete je klè, kenbe fèm nan lafwa, kondi tèt nou ann òm, se pou nou vin djanm. ” (1 Kor. 16:13). Poutèt sa, annou pran detèminasyon pou nou asiste tout sesyon yo e pou nou pwofite kokenn ankourajman youn pral bay lòt nan kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”.
[Kare nan paj 3]
Planifye nou pou nou la toule twa jou yo
■ Mande konje nan travay nou.
■ Mande lojman nan vil kote kongrè a ap fèt la.
■ Fè aranjman machin.