Yon lekòl ki ede nou fè aplikasyon pratik
1 Ofiramezi n ap egzamine sijè nou jwenn nan pwogram Lekòl ministè teyokratik pou ane 2006 la, n ap fè tout efò nou pou nou tire pwofi nan ansèyman biblik yo, lè nou chèche wè ki jan nou ka aplike yo nan sèvis sakre n ap ofri a e nan lavi n ap mennen chak jou. Nou detèmine pou nou mete sa nou aprann yo an pratik. — Jan 13:17 ; Fil. 4:9.
2 Kòmantè : Ane sa a, nan pwen enteresan nan lekti Labib la, yo ajoute yon minit nan pwogram nan pou patisipasyon oditwa a. Sa vle di frè ki gen asiyasyon pou l fè pwen enteresan an ta dwe veye pou l fè pati pa l la nan senk minit olye de sis. Moun nan oditwa a k ap fè kòmantè, yo menm tou yo ta dwe veye pou yo pa depase tan yo bay pou sa a. Si moun k ap fè kòmantè a te byen reflechi alavans, li kapab bay enfòmasyon ki itil nan 30 segonn oubyen nan mwens pase sa. Anviwon dis moun ta dwe kapab fè kòmantè ki enteresan pandan senk minit ki rezève pou patisipasyon oditwa a.
3 Yon seri diskou ki enstriktif : Ni pwen enteresan nan lekti Labib la ni diskou enstriksyon an, toule de ta dwe santre sou enpòtans sijè y ap devlope a genyen nan ministè nou ak nan lòt aspè nan lavi nou chak jou. Yon oratè pa ta dwe tou senpleman fè moun k ap koute l yo anvi aji. Men, li ta dwe di egzakteman ki sa moun yo bezwen fè, li ta dwe montre ki jan yo ka rive fè sa, e li ta dwe atire atansyon sou byenfè moun k ap koute l yo ap jwenn lè yo mete enstriksyon sa yo an pratik. Li gendwa di : “ Men ki sa tèks sa a ankouraje nou fè ”, oubyen li ka di : “ Se konsa nou ta dwe itilize vèsè sa yo nan ministè a. ” Ansyen ak asistan ministeryèl ki okouran de sitiyasyon ki gen nan zòn nan ta dwe fè efò pou yo fè yon aplikasyon pratik otank posib.
4 Lè nou site egzanp ki soti nan Bib la, sa kapab yon mwayen efikas pou ede nou fè aplikasyon pratik. Apre yon oratè fin fè referans ak yon egzanp biblik, li ka di : “ Ou menm tou ou ka twouve w nan menm sitiyasyon an. ” Li ta dwe veye pou tout aplikasyon li fè avèk egzanp biblik li te pran an ann amoni ak kontèks la, ak tout Bib la e ak sa “ esklav fidèl ki prevwayan an ” di sou sijè a. — Mat. 24:45.
5 Sajès se kapasite yon moun genyen pou l itilize konesans ak konpreyansyon yon fason efikas. “ Sajès se bagay ki pi enpòtan an. ” (Pwo. 4:7). Ofiramezi n ap vin gen sajès pratik, grasa etid n ap fè nan Lekòl ministè teyokratik la, se pou nou kontinye amelyore kapasite nou pou nou pataje l ak lòt moun.